Popilasyon komin Akayè a ap viv nan gwo kè kase ak kè sere depi samdi 31 oktòb 2026 la, apre plizyè gwoup ame lanse yon gwo pote boure sou plizyè lokalite nan zòn nan. Fas ak sitiyasyon sa a ki riske koute lavi anpil lòt sitwayen, majistra komin nan, René Wilner, voye yon SOS bay otorite santral yo ak wo kòmandman Lapolis Nasyonal peyi Dayiti (PNH) pou yo voye ranfò anlè prese prese, tankou elikoptè ak « drone » kamikaz.
Atak sa a, ki te kòmanse depi bò 2 h 45 nan maten samdi a, kite yon bilan ki lou anpil sou plan imen ak materyèl. Dapre premye enfòmasyon ki disponib, gen omwen 7 moun ki pèdi lavi yo, plizyè lòt blese, epi anpil kay tounen sann anba dife asayan yo mete.
Daprè temwanyaj ak rapò yo, bandi yo rive pran kontwòl plizyè zòn estratejik tankou:
Bèsi (Bercy), Vinye (Vignier) ak Sourigòl (Sourigole): Bandi yo anvayi zòn sa yo epi yo inonde yo ak dife, sa ki fòse anpil fanmi kouri kite lakay yo san sa yo pa sove anyen.
Toman (Thoman): Lapolis ap afwonte gwoup ame yo dirèkteman nan zòn sa a ki tou pre sant vil Akayè.
Karyès (Carriès): Zòn sa a ansanm ak lòt sektè nan komin nan anba gwo menas pou yo ta sibi menm sò a.
Daprè detay ki reyini yo, kriminèl ki fè atak sa a soti nan komin Kabarè (Cabaret), epi yo resevwa ranfò ki soti nan zòn Kenscoff ak Laplèn. Rezo sa a gen yon lyen dirèk ki mare ak gwoup 5 Segond ki anba kontwòl Izo nan Kabarè, ansanm ak gason Jeff Gwo Lwa ki te deja ap simen twoub nan zòn Monwi (Montrouis).
Objektif prensipal alyans kriminèl sa a se ta koupe nèt kominikasyon sou wout Nasyonal #1 an, yon aks ki gen enpòtans paske li se sèl wout ki konekte kapital la ak depatman Latiboni ak tout Rejyon Nò peyi a.
Fas ak kalite zam ak taktik mobil bandi yo ap itilize sou teren an, majistra René Wilner ak popilasyon an kwè fòs Lapolis yo bezwen mwayen anlè pou yo ka reponn ak menm fòs la. Deplwaye elikoptè konba ak « drone » ap pèmèt fòs de lòd yo detwi baz kriminèl yo san yo pa mete lavi ajan yo ak sivil yo nan gwo danje nan lari yo.
Echojounal echojounal.net