Nan yon nòt denonsyasyon ki pote siyati sekretè jeneral li, Djovany Michel, Réseau Haïtien des Journalistes Anti-Corruption (RHAJAC) akize ansyen prezidan Michel Joseph Martelly kòm moun ki ta sèvi ak òganizasyon UNA-HAÏTI pou eseye fè « Nasyon Unies » mande pou yo kanpe operasyon militè fòs salvadoryen yo ap mennen kont gang ame yo nan peyi Dayiti.
Selon sa RHAJAC rapòte, gen enfòmasyon ki soti nan mitan moun ki pròch ansyen prezidan an ki fè konnen li ta mande plizyè nan kolaboratè l yo tankou Harvey Dupiton, Randolf St Leger ak Jean Philippe Vixamar pou fè voye yon lèt bay ONU nan dat 28 oktòb 2026. Nan lèt sa a, òganizasyon an ta akize fòs salvadoryèn yo kòm moun ki ap mennen atak ak frap anlè, elikoptè ak zam lou nan zòn Kwadèboukè, Kanaran ak nan Plèn nan depi 22 oktòb.
RHAJAC rapòte tou ke fòs salvadoryèn yo te angaje nan operasyon sa yo pou chèche kat teknisyen lame lè Salvadò ki te entegre nan « Force de répression des gangs » (FRG) ak sipò ONU. Kat teknisyen sa yo te disparèt depi 18 oktòb 2026 apre yo te tonbe nan yon anbiskad epi gang ame yo te pase men sou yo nan zòn Kwadèboukè.
Nan menm dokiman an, RHAJAC sonje l te deja mande pwoteksyon pou popilasyon sivil la nan dat 26 oktòb, tout pandan li te ap mande prezidan salvadoryen an, Nayib Bukele, pou l pran prekosyon akòz sispèk ki genyen sou rezo politik ak sektè prive ki ta ap sipòte gang yo.
Epi tou, òganizasyon jounalis yo fè konnen Jean Philippe Vixamar se yon ansyen kolaboratè Martelly ki te nonmen kòm dirèktè « Banque nationale de crédit » (BNC) nan dat 11 novanm 2011, apre yo te fin asasinen ansyen prezidan bank lan, Guiteau Toussaint, nan dat 12 jen 2011.
Se youn nan rezon ki ta ka pouse Martelly mande pou yo kanpe operasyon yo, RHAJAC rapòte ke ansyen prezidan an sou sanksyon entènasyonal paske yo akize l kòm moun ki te ap finanse ak bay gang yo zam pou li te ka kenbe enfliyans politik li, anplis akizasyon ki pèse sou li nan trafik kokayin nan nivo entènasyonal ak detounman fon piblik.
Nòt la mansyone tou ke Martelly pa sibi sanksyon nan men Repiblik Dominikèn. RHAJAC rapòte ke prezidan dominiken an, Luis Abinader, gen akizasyon sou li kòm moun ki ta gen konplisite ak gang 400 Mawozo nan Kwoadèboukè pou destabilize peyi a, epi teritwa dominikyen an ta sèvi kòm yon espas pou fè tranzit kokayin ak pou rantre zam ak mnisyon ki soti Etazini.
Nòt la rapòte tou ke Martelly ta tounen nan peyi a depi 15 jiye 2026 apre kèk ane li te pase nan peyi etranje, epi li te depoze pyès li nan Konsèy Elektoral Pwovizwa (KEP) nan dat 23 oktòb 2026 anba kowalisyon « DEBLOKE ». RHAJAC fè konnen ansyen prezidan an ta pwomèt chèf gang yo yon amnisti si yo ede l genyen eleksyon yo.
RHAJAC konkli dokiman an nan mande pou otorite jidisyè yo nan peyi Dayiti ansanm ak ekspètiz ONU yo ouvè yon ankèt rapid ak serye sou tout dosye sa a pou limyè ka fèt.
Echojounal echojounal.net