Ayiti/Manifestasyon: Pèp ayisyen an pran lari nan plizyè zòn pou sipòte aksyon Prezidan Nayib Bukele kont bandi yo

Yon gwo foul moun pran lari nan plizyè kwen nan peyi Dayiti, tankou nan Kanapevè (Pòtoprens), Mibalè, ak Jeremi, pou yo voye yon mesaj klè bay Prezidan peyi Salvadò a, Nayib Bukele: popilasyon an dèyè li ak tout fòs nan batay li ap mennen kont gwoup ame yo nan peyi a.

Koulè, pankat ak kout klaksòn te ranpli lari yo pandan manifestan yo te ap rele ak tout fòs pou mande Prezidan salvadoryen an « mache pran bandi yo » epi ede peyi a soti nan espiral vyolans ki ap devaste l la.

Mobilizasyon sa a montre yon gwo vire nan opinyon piblik la. Moun ki te pran lari yo pa kache mekontantman yo kont gouvènman defakto ki ap dirije peyi a. Selon plizyè moun ki te ap manifeste, yo pa wè okenn volonte reyèl ni okenn aksyon konkrè bò kote otorite ayisyen yo pou mete yon bout nan ensekirite a ak krim ki ap fèt chak jou yo.

« Nou ap soufri chak jou, nou pa ka deplase, nou pa ka travay. Gouvènman an montre li pa gen ni kapasite ni volonte pou li pwoteje nou. Se poutèt sa nou panche bò kote Salvadò ak Prezidan Bukele ki montre li konn ki jan pou li simonte pwoblèm sa a, » se sa yon manifestan nan zòn Kanapevè te declare pandan li t ap kouri dèyè foul la.

Pandan manifestasyon yo nan Jeremi ak nan Plato Santral (Mibalè), pankat yo te pote mesaj ki mande pou gen yon men di san paspouki kont tout gwoup ame ki ap mache simen latwoublay nan peyi a. Pèp la eksprime espwa li nan modèl ak fòs Salvadò deplwaye yo pou ede retabli lapè ak sekirite ki disparèt depi plizyè ane nan peyi Ayiti.

Foul la pwomèt pou li kontinye fè tande vwa li jouk tan gen yon chanjman reyèl ak yon aksyon ki poze sou teren an pou chase bandi yo nan tout zòn kote yo ap fè lalwa.

About Emmanuel Hubert

Check Also

Ayiti/Ensekirite/Labadi : Royal Caribbean pwolonje sipansyon eskal li yo jiskan 2028.

Konpayi kwazyè ameriken an, Royal Caribbean, pran desizyon pou li pwolonje sipansyon tout eskal bato …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager