Ayiti/Ensekirite/Labadi : Royal Caribbean pwolonje sipansyon eskal li yo jiskan 2028.

Konpayi kwazyè ameriken an, Royal Caribbean, pran desizyon pou li pwolonje sipansyon tout eskal bato li yo sou Labadi a, ki nan nò peyi Dayiti, jiska lane 2028. Nouvèl sa a voye pi lwen toujou espwa pou wè touris entènasyonal yo retounen sou sit sa a, alòske konpayi an te anonse anvan sa yon retou posib an jen 2027.

Nouvèl desizyon sa a tonbe san Royal Caribbean pa bay twòp detaye teknik, men li fè konnen li ap kontinye swiv ak atansyon jan sitiyasyon sekirite a ap evolye nan peyi a. Menm si zòn Labadi a rete lwen prensipal foye vyolans gang ame yo ki konsantre plis nan kapital la, dirijan konpayi an estime yo pa genyen garanti sekirite ki nesesè yo pou yo ta reprann operasyon yo.

Prezidan ak PDG konpayi an, Michael Bayley, dekri sitiyasyon jeneral la tankou yon bagay ki « trè danje », epi li pa kache pou li kalifye pwolongasyon sipansyon sa a tankou yon vre « trajedi ».

Royal Caribbean gen prèske 30 lane depi li ap opere nan peyi a. Nan lane 2009, konpayi an te envesti plis pase 55 milyon dola ameriken pou modènize ak ranje sit touristik sa a.

Dapre enfòmasyon jounal Miami Herald pibliye, pwolongasyon mezi sa a se yon lòt gwo kou pou ekonomi ayisyèn nan, sitou pou moun ki te depan de aktivite sa yo nan Nò peyi a, epi li kontinye degrade imaj touristik Ayiti devan je lemond.

About Emmanuel Hubert

Check Also

Ayiti/Sekirite : Almay deside bay jarèt ak fòs mentyen lòd yo nan peyi a epi chèche elaji koperasyon li.

‎525 tòn ekipman ak founiti rive nan peyi a. Materyèl sa yo, ki soti dirèkteman …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager