Ayiti/ Dife: Gwo dife eklate nan yon lokal teknik anbasad Lafrans nan Pòtoprens

Yon gwo dife eklate nan lannwit samdi 7 novanm 2026 lan nan yon lokal teknik ki nan antre prensipal anbasad Lafrans nan Pòtoprens. Entèvansyon rapid sèvis sekou yo pèmèt yo mèt kontwòl sitiyasyon an san okenn moun pa viktim.

Daprè yon kominike, dife a te touche sèlman espas teknik sa a ki nan antre a. Gras ak mobilizasyon sapè-ponpye yo, dife a te etèn san li pa pwopaje nan rès batiman an ni li pa fè okenn dega sou moun.

Nan menm deklarasyon sa a, anbasad Lafrans lan di yon gwo mèsi a tout ekip ponpye ki te sou teren an pou kouri pote yo sekou, ansanm ak tout moun ki te manifeste sipò ak solidarite yo apre ensidan sa a.

About Emmanuel Hubert

Check Also

‎Leta Ayisyen sere boulon sou sektè jwèt aza a: Ki avni Lotri Leta epi kote gouvènman defakto a vle rive?

‎Ministè Ekonomi ak Finans (MEF) fè konnen gen yon gwo ralonj ki mete sou kad …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager