Ayiti/Kidnapping : Pitit fi chèf kabinè minis defans lan libere apre 5 mwa, papa li toujou nan men bandi, yon prèv enkapasite pouvwa defakto a.

Apre senk (5) mwa nan men ravisè yo, ti fi 6 zan an, Maïlann Boyard, finalman jwenn liberasyon li lendi 16 novanm 2026 sa a. Sepandan, soulajman sa a rete a mwatye : papa li, James Boyard, ki se chèf kabinè minis Defans lan, Mario Andrésol, toujou anba kòd bandi yo.

Sitiyasyon sa a mete toutouni enkapasite ak feblès gouvènman defakto a fas ak fenomèn ensekirite a ki ap ravaje peyi a. Kijan yon pouvwa ki pretann li ap dirije yon peyi ka eksplike ke youn nan pi gwo kad nan ministè Defans lan — enstitisyon ki la menm pou garanti sekirite teritwa a ak pwoteje nasyon an gen senk mwa nan men kriminèl san Leta pa janm kapab ni lokalize l, ni mennen yon operasyon pou libere l ?

Si chèf kabinè minis Defans lan li menm pa an sekirite, epi leta pa gen okenn mwayen pou rache l anba grif ravisè yo, ki espwa ki rete pou sitwayen òdinè ki ap travèse lari Pòtoprens ak kè sote chak jou ?

Liberasyon ti Maïlann, ki gen sèlman 6 lane, moutre tout mechanste gang ame yo ki pa epanye ni timoun, ni granmoun. Men, pi lwen pase zak bandi yo, se enpwisans total otorite defakto yo ki ap fè pale anpil. Pandan senk mwa sa yo, malgre tout diskou pwomès sou retablisman sekirite a, ni fòs lòd yo, ni sèvis ransèyman leta a pa bay okenn rezilta konkrè nan dosye sa a.

Jiskaprezan, okenn kominike ofisyèl pa bay detay sou kondisyon liberasyon ti fi a, ni sou ki demach leta ap fè pou sove lavi James Boyard. Silans sa a konfime ke peyi a livre bay tèt li, pandan dirijan defakto yo sanble plis ap jere pouvwa a pase yo ap chèche solisyon pou sove popilasyon an — ni menm pwòp kolaboratè pa yo.

About Emmanuel Hubert

Check Also

Ayiti/Eleksyon: Martine Moïse antre nan batay pou vin prezidan peyi a sou banyè GAD

‎Nan yon nouvo rebonisman ki atire atansyon anpil moun, ansyen Premye Dam lan, Martine Moïse, ofisyalize …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager