Nan kad operasyon ki ap fèt pou netwaye zòn ki te anba kontwòl gwoup ame yo, fòs salvadorien yo franchi yon nouvo etap enpòtan. Yo pran kontwòl lokal « Électricité d’Haiti » (EDH) nan « Bicentenaire », yon espas estratejik ki te tonbe nan men bandi yo pandan plis pase kat lane.
Yon operasyon ki make yon viraj nan batay kont ensekirite a nan kapital la. Dapre enfòmasyon ki rive jwenn nou, plizyè bandi ki te nan espas la ta pèdi lavi yo nan echanj kout bal ki te fèt pandan pote boure sa a.
Dapre detay yon sous nou, militè salvadorien yo pa pral limite yo sèlman a yon operasyon pou dechouke gang yo nan zòn nan. Yo gen entansyon etabli yon baz nan lokal EDH la pou konsolide ak pouse bandi yo lwen espas la. Estrateji sa a vize pou anpeche kriminèl yo tounen nan repozwa sa a ki te sèvi yo kòm baz pandan plizyè ane.
Lokal EDH ki chita kò li nan « Bicentenaire »a reprezante yon espas estratejik nan antre Sid Pòtoprens lan. Depi plis pase kat lane, okipasyon espas sa a pa gwoup ame yo te kontribye nan bloke plizyè sèvis piblik epi koupe aksè kapital la ak depatman gransid la.
Aksyon sa a, ki vin an kòdinasyon ak lòt entèvansyon resan nan zòn tankou estad Sylvio Cator, montre yon volonte pou reprann kontwòl wout ak enfrastrikti ki te gen tan koupe an de. Lè yo enstale baz la nan lokal EDH la, fòs yo voye yon siyal fò sou detèminasyon yo pou netwaye tout gwo kafou ki te anba men bandi yo.
Echojounal echojounal.net