Pwosesis enskripsyon an liy pou pwochen eleksyon yo fèmen ofisyèlman dimanch 15 novanm 2026 la a 11 è nan aswè. Daprè dènye bilan Konsèy Elektoral Pwovizwa (KEP) a, gen 33 pèsonalite politik ki anrejistre tèt yo pou al chèche pòs Prezidan Repiblik la.
Lis kandida sa yo rasanble anpil figi ki deja koni sou sèn politik peyi a, pami yo ansyen chèf Leta, ansyen premye minis, ansyen palmantè ak plizyè lidè pati politik. Men lis konplè 33 kandida ki enskri yo ak tout banyè politik yo :
* Daniest Adrien : PRC
* Lucien Olivier Barrau : MTH
* Kely C. Bastien : DELIVRANS
* Gary Bodeau : REKONSILYE
* Jude Célestin : ENA
* Lucmane Delille : DEBOUT CITOYEN
* Deus Deronneth : DVNH
* Gandhy Dorfeuille : ANF
* Marc Arthur Drouillard : MRN
* Dominique Dupuy : PVD
* Moïse Durocher : SOL AYITI
* Jude Élie : PUR
* Etzer S. Émile : SOLEY
* Joanas Gué : KAPAB
* Ricardo Jean-Pierre : PANAH
* Wilson Jeudy : VAR
* Claude Joseph : EDE
* Hans Jacques Ludwig Joseph : ESCANP
* Maxo Joseph : RCH
* Wilner Joseph : VIKTWA
* Jacky Lumarque : MYEL
* Michel Joseph Martelly : DEBLOKE
* Martine Joseph Marie Étienne Moïse : GAD
* Munir Joseph Mourra : MPH
* Jean Ernest Muscadin : FCN
* Michelet Nestor : DPA
* Jocelerme Privert : AYITI TRANSFÒME
* Jean Clarens Renois : UNIR AYITI INI
* Jean-Marie Junior Salomon : OPL
* Walsonn Sanon : ANFOS POU SOVE LONÈ
* Marie Anne Savannah Hadid Savary : HAMAD
* René St-Fort : PRN
* Philippe Gérard Jerry Tardieu : EAPH
Anplis kous pou Palè Nasyonal la, enskripsyon yo montre yon gwo enterè pou pòs lejislatif yo. Dapre chif KEP a pibliye, gen 535 kandida ki enskri pou kous Sena a, epi 1 855 kandida ki anrejistre pou al goumen pou yon chèz nan Chanm Depite a.
Apre etap enskripsyon an liy sa a, pwochen faz la se depo pyès yo ak verifikasyon dosye chak kandida nan Biwo Kontansye Elektoral yo, anvan KEP a pibliye lis definitif moun ki kalifye pou patisipe nan eleksyon yo.
Echojounal echojounal.net