Gwo tonton tounwa Mondyal 2026 la ap rive nan yon nivo kote jwèt la vin pi sere. Apre plizyè match gwo goumen nan uityèm de final yo, lis 8 ekip ki kalifye pou kat de final yo ofisyèlman pare. Faz sa a pral demare soti jedi 9 jiyè pou rive samdi 11 jiyè 2026 nan plizyè gwo estad Ozetazini.
Lè nou gade konpozisyon ekip ki rete nan kous la, gen yon gwo dominasyon jewografik ki desine, kote sèten kontinan prèske disparèt nèt, pandan yon lòt ap taye banda.
Kontinan ewopeyen an montre fòs li ankò yon fwa nan edisyon sa a. Sou 8 ekip ki rete pou pouswiv rèv la, Ewòp genyen 6 reprezantan. Se yon dominasyon total kapital kote nou jwenn gwo potorik gason tankou:
Lafrans
Lespay
Bèljik
Nòvèj
Angletè
Laswis
Sitiyasyon sa a montre aklè nivo siperyorite ak estabilite foutbòl ewopeyen an nan moman an, kote yo pran prèske tout plas ki disponib pou dènye liy dwat la.
Yon gwo sipriz nan tounwa sa a se eliminasyon plizyè gwo tonton ekip nan zòn Amerik la (CONMEBOL ak CONCACAF), tankou Brezil, Meksik, oubyen Etazini ki te ap jwe lakay li. Nan kontèks sa a, Ajantin se sèl grenn ekip pou tout kontinan Amerik la ki rive sove onè a pou l antre nan ka de final yo. chanpyon an tit la, anba lidèchip Lionel Messi, pral gen lou bwa pou li pote sou zepòl li pou li reprezante tout yon kontinan fas ak machin ewopeyen yo.
Mawòk: Sèl kòk ki chante pou Lafrik
Menm jan yo te fè sa an 2022 nan peyi Kata, « Lyon Atlas » yo remete sa ankò. Apre yo fin jete plizyè gwo moso sou wout yo, Mawòk se sèl reprezantan kontinan Afriken an ki rete nan kous la. Seleksyon mawoken an ap chèche ekri yon lòt paj istwa pou foutbòl afriken an, men premye tès yo nan etap sa a ap di nèt, paske yo pral gen pou afwonte Lafrans nan yon match ki anonse gwo koure.
Pwogram afich pou Ka de Final yo
Jedi 9 jiyè – 4:00 PM Lafrans 🇫🇷 vs Mawòk 🇲🇦
Vandredi 10 jiyè – 3:00 PM: Lespay 🇪🇸 vs Bèljik 🇧🇪
Samdi 11 jiyè – 2:00 PM: Nòvèj 🇳🇴 vs Angletè 🏴
Samdi 11 jiyè – 6:00: Ajantin 🇦🇷 vs Laswis 🇨🇭
Kous la vin pi bèl, presyon an ap monte, epi tout je fikse sou estad Ameriken yo pou nou wè kilès nan 8 ekip sa yo ki pral jwenn biyè pou demi-final la!
Echojounal echojounal.net