Foutbòl : Ayiti pral jwe kalifikasyon Gold Cup 2027 la kont Nikaragwa

Seleksyon nasyonal la konnen advèsè li pou faz baraj la (Gold Cup Prelims) ki gen pou jwe nan mwa mas 2027 la. Akòz pozisyon li nan nouvo klasman CONCACAF la, ekip ayisyèn nan ap gen avantaj pou li resevwa nan match retou a.

Apre eliminasyon li nan kadefinal Lig Nasyon yo devan Etazini (0-6, 0-2), seleksyon nasyonal Ayiti a gen je li fikse kounye a sou pwochen gwo defi li: kalifikasyon pou Gold Cup 2027 la. Daprè dènye mizajou klasman CONCACAF la ak règ konpetisyon an, Grenadye yo pral afwonte Nikaragwa nan tou preliminè a (Gold Cup Prelims), ki pwograme pou fenèt FIFA mwa mas 2027 la (ant 22 ak 30 mas).

Fòma baraj CONCACAF la reyini 14 seleksyon ki pa te rive kalifye dirèkteman pou faz gwoup konpetisyon an. Pou tabli afich yo, konfederasyon an sèvi ak dènye klasman li : ekip ki pi byen klase pami barajis yo jwe kont sa ki pi mal klase a (1ye kont 14èm, 2èm kont 13èm, 3èm kont 12èm, elatriye).

. Ayiti (7èm nan CONCACAF) : Grenadye yo okipe 3èm plas pami 14 ekip ki nan baraj yo. Pozisyon sa a ba yo estati tèt de seri.

. Nikaragwa (18èm nan CONCACAF) : Seleksyon santamerikèn nan, ki fenk valide tikè li pou baraj sa yo apre li fin bat Montserrat nan Play-In (2-1, 2-0), se 12èm ekip pami barajis yo (3èm ekip ki pi mal klase nan gwoup sa a).

Konfwontasyon an ap jwe nan fòma ale-retou. Règleman an bay ekip ki pi byen klase a privilèj pou li resevwa nan dezyèm manch lan :

. Match ale : Nikaragwa ap resevwa Ayiti lakay li, nan vil Managua.

. Match retou : Ayiti ap jwe « lakay li » (nan yon estad net CONCACAF poko konfime, tankou jan sa konn fèt nan dènye kanpay yo).

Sou papye, Ayiti pati kòm favori nan dyèl sa a. Nan dènye rankont ofisyèl ant de nasyon yo ki te fèt nan kad eliminatwa Koup di Mond 2026 la nan fen ane 2025 lan Grenadye yo te domine Nikaragwa san yo pa t pran gòl : yon viktwa 3-0 nan Managua nan mwa oktòb 2025, epi yon lòt siksè 2-0 nan Kiraso nan mwa novanm menm ane a.

Gayan konfwontasyon ale-retou sa a ap gen tikè li dirèkteman pou faz final Gold Cup 2027 la, ki gen pou dewoule soti 17 jen pou rive 11 jiyè 2027.

About Emmanuel Hubert

Check Also

Stephen Oscar Ramos « Kiki » chwazi mete mayo ble ak wouj la: Yon bèl ranfò pou Grenadye U-17 yo

Nan yon kominike ki pote anpil konfò ak kontantman pou sipòtè yo, FHF konfime entegrasyon …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager