Nèg ak zam nan Matisan sezi jounen sèt (7) oktòb 2021 an, de (2) kamyon gaz selon enfòmasyon prezidan asosiyasyon nasyonal pwopriyetè estasyon gaz yo ki gen sig nan lang fransè (ANAPROS), Marc André Dériphonse. De (2) kamyon sitèn sa yo ki tap sòti nan « terminal Thor », ta pral livre …
Li Plis »AYIT/JISTIS : YON LÒT FWA ANKÒ MARTINE MOÏSE PRAL REPONN KESYON LAJISTIS.
Yon lòt fwa ankò, Madam Martine Moïse ansyèn premyè Dam lan afiche sou tablo lajistis ankò, kote Ikenson EDUMÉ, yon jij nan tribinal premye enstans pòtoprens envite Madam lan douvan tribinal kriminèl vandredi 09 oktòb 2021 an. Selon envitasyon an, Madam lan akize kòm moun kap gaspiye lajan, kòm moun …
Li Plis »AYITI /JISTIS: ANSYEN PREZIDAN MARTELLY KONTINYE AP REKLAME JISTIS POU JOVENEL MOÏSE
Nan yon twit maten Jedi sèt (7) oktòb 2021an, ansyen prezidan Michel Joseph Martelly, kontinye ap reklame jistis pou defen prezidan Jovenel Moïse ki te asasinen Lakay li nan lannwit sis (6) pou louvri sèt (7) Jiyè 2021 an nan Pèleren senk (5). Ansyen prezidan manm Pati Ayisyen Tèt Kale …
Li Plis »LEMONN/REZO SOSYO: YOUTUBE EFASE CHÈN OFISYÈL R.KELLY YO
_Platfòm YouTube efase chèn ofisyèl atis ameriken R. Kelly ki jije koupab pou krim seksyèl, notamman sou timoun nan fen mwa septanm nan._ Esta R&B ameriken an kontinye ap konnen youn nan pi vye moman nan lavi li. Aprè li fin jije koupab pou krim seksyèl sou timoun, li pèdi …
Li Plis »AYITI/ASASINA: « SA M TE VIV LA SE PA YON BAGAY M TA SWETE PÈSÒN VIV », MARTINE MOÏSE
_Ansyen premye dam repiblik la, Martine Moïse te nan kabinè enstriksyon jounen mèkredi 6 oktòb 2021 an pou l te reponn kesyon jij enstriktè Gary Orelien nan kad ankèt k ap mennen sou asasina lanmò Jovenel Moïse la. » Sa m te viv la se pa yon bagay m ta swete …
Li Plis »AYITI/JISTIS : CLAUDE JOSEPH FELISTE MARTINE MOÏSE KI REPONN KESYON LAJISTIS
_Minis zafè etranje a, Claude Joseph, feliste ansyen premye dam repiblik la, Martine Moïse ki t al reponn kesyon jij enstitisyon Gary Orelien nan kad ankèt sou asasina Jovenel Moïse jounen mèkredi 6 oktòb 2021 an nan pakè Pòtoprens._ Martine Moïse, premye privilejye nan dosye lanmò Jovenel Moïse la te …
Li Plis »AYITI/ JISTIS: » PM ARIEL HENRY REPREZANTE YON GWO BARYÈ NAN ANKÈT ASASINA JOVENEL MOÏSE », DAPRÈ OPC
Nan yon rankont ak laprès jounen sis (6) oktòb 2021 an, pwotektè sitwayen ak sitwayèn lan mèt Renand Edouvil, montre gwo enkyetid ak dout li gen lakay li pou ta kapab abouti ak ankèt sou asasinay defen prezidan Jovenel Moïse. Mèt Renand Edouvil, montre enkyetid sa vini parapò ak prezans …
Li Plis »AYITI/ASASINAY : PLIS PASE TWA (3) MWA PEYI AYITI TOUJOU RETE SAN PREZIDAN.
7 jiyè 2021, 7 oktòb 2021 sa fè twa (3) mwa depi bandi ki janbe plizyè peyi, soti jouk nan peyi Kolonbi ak konplisite nèg ki gen anpil lajan ak nèg ki di yo ap fè politik touye ansyen prezidan Jovenel Moïse lachman lakay li, jou ki te 7 jiyè …
Li Plis »AYITI/ DÈY: YON EKRIVEN FÈ VWÈL POU PEYI SAN CHAPO
Ekriven ak ansyen depite, doktè Rony Gilot, mouri sis (6) oktòb 2021 an, nan lopital Senlik ki nan komin Taba, daprè konfimasyon plizyè pwòch ansyen palmantè sou Duvalier a. Doktè Rony Gilot, ki se te tou ansyen sekretè jeneral sena repiblik la. Ekriven an, te pibliye dènye liv nan mwa …
Li Plis »LEMONN/ESKANDAL SEKSYÈL: » MWEN WONT. NOU WONT », DEKLARE PAP FRANÇOIS
_Aprè piblikasyon yon rapò komisyon endepandan sou abi seksyèl nan legliz mete deyò madi 5 oktòb 2021an kote konklizyon an fè konnen gen 216 000 timoun ki viktim zak vyolans e agresyon seksyèl anba men otorite legliz katolik nan peyi Lafrans depi nan lane 1950, pap François, jounen mèkredi 6 …
Li Plis »