Pou gran premye Mondyal ki ap fèt nan twa peyi anmenmtan an, konpayi adidas devwale balon ofisyèl konpetisyon an ki rele « TRIONDA ». Ant konsepsyon ekolojik ak teknoloji konekte ki entegre ladan li, bijou sa a pwomèt pou li fasilite travay abit yo epi rann jwèt la pi rapid. …
Read More »Sport/MONDIAL 2026 : LA PLANÈTE FOOTBALL SOUFFLE LE CHAUD ET LE FROID EN PRÉPARATION
À moins d’une semaine du coup d’envoi de la Coupe du monde 2026, la soirée du 5 juin 2026 a réservé son lot de surprises majeures. Alors que la France s’est effondrée face à la Côte d’Ivoire (1-2), la Roja espagnole a été tenue en échec par un Irak héroïque …
Read More »Ayiti/Politik: Esaïe Beauchard leve kanpe kont PM defakto Alix Didier Fils-Aimé epi anonse mobilizasyon pou 7 jen
Tansyon politik la ap moute nan peyi Dayiti. kòdonatè nasyonal rasanbleman ROSPO a, Esaïe Beauchard, pa mete dlo nan bouch li pou li kritike gouvènman an. Ansyen majistra Site Solèy la akize premye Minis defakto Alix Didier Fils-Aimé kòmkwa li ap chache enpoze yon dekrè elektoral taye sou mezi pou …
Read More »Gadkòt ameriken sove lavi 240 migran ayisyen sou yon bato ki ta pral koule
Yon katastwòf evite nan lanmè. Gadkòt ameriken yo entsepte yon batiman ki te chaje pase makout legba ak 240 migran ayisyen sou li dapre sa chèn televizyon ameriken CBS rapòte jou ki te jedi 4 jen 2026 la. Komisè Ladwàn ak Pwoteksyon Fwontyè ameriken an (CBP), Rodney Scott, pibliye plizyè …
Read More »Etazini/Gè: Lachanm Depite ameriken vote yon rezolisyon pou sispann lagè nan peyi Iran
Vòt istorik sa a, ki pase ak yon ti majorite sere, se yon fason pou Palman an fòse administrasyon Trump lan respekte Konstitisyon an, menmsi chemen an kòmanse parèt long pou desizyon sa a vin yon reyalite. Lachanm Depite Ozetazini franchi yon gwo pa istorik mèkredi 3 jen 2026 sa …
Read More »Kat Visa ak Mastercard Bloke nan peyi Kiba : Yon Lòt Gwo Kou pou Pèp la anba Presyon Sanksyon yo
Yon nouvo kriz finansyè frape peyi Kiba depi kèk jou. Bank Santral Kiba a (BCC) anonse ofisyèlman sispansyon tout peman ak kat bankè entènasyonal tankou Visa ak Mastercard sou zile a. Desizyon sa a vini apre yon bank etranje chwazi koupe fache ak enstitisyon finansyè kiben an, Fincimex, akoz presyon …
Read More »Operasyon « Konte Kadav » : Kilè nou ap soti nan lojik estatistik la ?
Depi kòmansman lane 2026 la, se menm refren an ki ap repete nan zòrèy pèp ayisyen an. Chif yo ap tonbe tankou lapli, men sitiyasyon an pa janm chanje. Dènye rapò Wo Komisarya Nasyonzini pou Dwa Moun (HCDH) pibliye montre nwa sou blan : 2 310 moun mouri, 1 106 …
Read More »Espò/Meday : Melchie Daëlle Dumornay resevwa Meday Onè Sena fransè a.
Anbasad Ayiti nan peyi Lafrans anonse ak anpil fyète yon gwo nouvèl pou espò ak kilti ayisyen an. Sou pwopozisyon anbasad la, gwo vedèt foutbòl entènasyonal nou an, Melchie Daëlle Dumornay, jwenn distenksyon pou li resevwa Meday Onè Sena fransè a. Gwo kado sa a tonbe nan kad selebrasyon Semèn …
Read More »LÈ SOUFRANS TIMOUN YO TOUNEN BIZNIS POLITIK: Kijan PNCS tounen yon kach-kach pou dirije yo nan plas yon pwogram sosyal.
Depi kreyasyon li an 1984, Pwogram Nasyonal Kantin Lekòl (PNCS) te gen yon sèl gwo misyon byen klè: garanti yon plat manje cho pou timoun nan lekòl Leta ak lekòl ki pa gen gwo mwayen yo. Nan yon peyi kote grangou ap koupe trip plis pase mwatye nan popilasyon an, …
Read More »Ayiti/Jistis : Tribinal Kriminèl bloke Phanèse R. Laguerre ak Alberto Dort
Kou dapèl Pòtoprens rejte tout rekou ansyen responsab Pwogram Nasyonal Kantin Lekòl (PNCS) yo. Phanèse R. Laguerre ap rete nan prizon nan sou-komisarya Vivy Mitchell, epi akizasyon yo vin pi lou sou do li avèk vòl manje elèv yo. Jistis la pran yon desizyon solid nan dosye koripsyon ki gen …
Read More »
Echojounal echojounal.net