Jounen samdi 20 jen 2026 lan te chaje ak gwo aksyon, nan mondyal 2026 la, ak anpil sipriz nan tounwa a. Men kijan sa te pase nan 4 gwo match ki te jwe yo:
1. Match: Peyiba bat Laswèd (5 – 1) nan gwoup Gwoup F la nan Estad Houston Stadium (Texas, Etazini) moun ki make yo se: Brian Brobbey 5′, 17′,Cody Gakpo 47′, 54′, Crysencio Summerville 89′ epi Anthony Elanga 59′ te make pou Laswèd.
Abit la te bay 3 katon jòn pou ekip Swèd la nan minit sa yo:
Minit 53′ (Swèd) 🟨
Minit 75′ (Swèd) 🟨
Minit 80′ (Swèd) 🟨
2. Match: Almay bat Kòt divwa (2–1) nan Gwoup E a nan estad Toronto Stadium Toronto, peyi Kanada moun ki make yo se : Franck Kessié (30′ pou Kòt divwa)
Deniz Undav ( 68′ ak 94′ pou Almay, li te antre nan match la kòm ranplasan).
Pat gen okenn sanksyon katon ki te bay nan match sa a nan nivo estatistik ofisyèl yo. Almay asire plas li pou faz Rann 32 a.
3. Match: Ekwatè fè match nil (0–0) ak Kirasao nan Gwoup E a nan estad Kansas City Stadium (Missouri, Etazini)
Match sa te cho anpil, abit la te bay 6 katon jòn total:
🟨 38′ – Jwè Ekwatè
🟨 39′ – Jwè Kirasao
🟨 53′ – Jwè Kirasao
🟨 56′ – Jwè Kirasao
🟨 75′ – Jwè Kirasao
🟨90+1′ – Jwè Kirasao
4. Match: Tinizi tonbe devan Japon (0–4) nan Gwoup F la nan estad Monterrey Stadium (Monterrey, Meksik), moun ki make ye:
Daichi Kamada 4′
Ayase Ueda 31′
Junya Ito 69′
Ayase Ueda 83′ – li fè yon double nan match la
Pat gen okenn jwè ki te pran katon nan match la.
Echojounal echojounal.net