Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) konfime ofisyèlman dat pou dewoulman egzamen bakaloreya yo pou ane sa a. Soti lendi 13 pou rive jedi 16 jiyè 2026, nivo Segondè 4 ak lòt kandida yo pral konpoze sou tout teritwa nasyonal la.
Dapre chif ministè a rann piblik, gen yon total 118 090 kandida ki espere patisipe nan kous la. Nan mitan yo, gen 102 878 se nouvo enskri ki ap fini sik Segondè 4 la, epi rès la se ansyen kandida ki ap rebat kat yo.
Pandan yon konferans pou laprès li bay jounen andredi 10 jiyè 2026 la, Minis Edikasyon Nasyonal la, Vijonet Déméro, asire popilasyon an, sitou paran ak elèv yo, tout bagay prè sou plan lojistik pou evite gwo tèt chaje nan jou egzamen yo.
Poutèt sitiyasyon frajil peyi a, kesyon sekirite a te nan sant diskisyon yo. Minis la fè konnen otorite jidisyè yo, Lapolis Nasyonal Ayiti (PNH) ansanm ak Fòs lame Dayiti (FAd’H) deja pran tout mezi ki nesesè pou garanti sekirite elèv yo, sipèvizè yo ak tout rès pèsonèl ki ap deplase pandan kat jou sa yo.
« Tout dispozisyon legal ak sekirite an plas pou pèmèt egzamen yo fèt nan yon anbyans trankil ak serenite, » se sa Minis Vijonet Déméro deklare pou li voye yon mesaj rasirans bay sosyete a.
Echojounal echojounal.net