‎Ayiti/Ensekirite : Istwa tris Guy Sainvil la ‎montre kouman Leta abandone granmoun ak sitwayen nan peyi a

Pandan tout yon nasyon ap gade ak espwa seleksyon nasyonal foutbòl la ki ap prepare li pou li al reprezante peyi a nan Koup dimond, yon reyalite tou nwa vin frape nou nan figi. Guy Sainvil, youn nan pi gwo lejand vivan foutbòl ayisyen an, ki te fè nasyon an vibre nan Koup dimond 1974 nan peyi Almay, blije kouri kite lakay li anba presyon gang ame. Yon gwo kout kouto nan kè listwa espòtif nou, men sitou yon lòt prèv ki montre Leta ayisyen an pati an vwayaj kite sitwayen li yo san pwoteksyon.

‎Enfòmasyon an, se ansyen koyekipye li nan Racing Club Ayisyen ak nan seleksyon nasyonal la, Joseph Marion Léandre, ki rann li piblik. A laj 80 lane pase, Guy Sainvil blije kouri kite kay li ki sitiye nan lari Joseph Janvier nan Pòtoprens, akoz laterè gang ame yo ki ap simen dèyè do popilasyon an.

‎Pou yon gason konsa, ki te make gòl desizif an 1973 kont Ondiras pou te pèmèt Ayiti kalifye, yon moun ki te fè nasyon an kanpe ansanm ak Emmanuel Sanon ak Philippe Vorbe fas ak gwo tonton ekip tankou Itali ak Ajantin, se yon imilyasyon total. Jodi a, olye pou Leta ta trete li tankou yon trezò nasyonal, Sainvil twouve li nan lari anvan li blije al lwe yon kay kote li pa gen okenn repè.

‎Sitiyasyon Guy Sainvil la se pa yon ka izole ; li se glas ki montre nan ki nivo otorite yo an Ayiti vire do bay pèp la. Lè yon peyi pa ka pwoteje pwòp ewo li yo, moun ki te ekri pi bèl paj nan istwa li, sa vle di pa gen pèsonn ki an sekirite.

‎Pandan lidè politik yo chita nan biwo yo ap gade enterè pèsonèl yo, granmoun yo ak sitwayen senp yo ap sibi pi gwo tòti imanitè. Kote Ministè Jèn ak Espò ? Kote Federasyon Ayisyèn Foutbòl (FHF) ? Kote gouvènman an ki sipoze garanti sekirite lavi ak byen moun, jan manman lwa peyi a mande sa ? Silans ak inaksyon otorite sa yo sanble ak yon konplisite ki ap detwi sa ki te rete nan diyite nasyonal la.

‎Gen yon gwo paradòks k ap jwe anba je nou. Sou yon bò, n ap fete siksè jèn jwè jodi a k ap klere sou sèn entènasyonal la. Men sou yon lòt bò, n ap kite ansyen jwè yo, sa yo ki te trasé chemen an, mouri grangou, nan kouri, oubyen anba bal.

‎Kouman nou ka mande jèn yo pou yo bay san yo pou drapo a, lè nou montre yo fason nou trete sa yo ki te fè li anvan yo ? Ka Guy Sainvil la se yon rèl dezespwa ki soti nan zantray tout yon pèp. Li lè li tan pou otorite yo sispann gade enterè klik yo, pou yo pran rèsponsablite yo devan listwa, epi pou yo bay sitwayen yo ak ansyen glwa nou yo sekirite ak respè yo merite. Paske yon nasyon ki bliye ansyen l yo, se yon nasyon ki pa gen avni.

About Emmanuel Hubert

Check Also

Ayiti/Ensekirite : Lanmò pwofesè Brousseau montre konplisite gouvènman defakto Alix Didier Fils-Aimé a

Krim ak san ki ap koule san rete nan peyi a moute yon lòt nivo …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager