Ayiti/Gonayiv/Pwotestasyon: Sendika transpò yo manifeste kont gwo ponyèt pwopriyetè ponp gazolin yo ak krak lavi a nan Latibonit.

Lari Gonayiv te cho lendi 27 avril 2026 la. Plizyè sendika nan sektè transpò piblik la te rasanble pou leve vwa yo kont move zak yo ap sibi, kit se nan kesyon pri gaz la, kit se nan nivo sekirite a ki depase limit nan depatman Latibonit la.

‎Prensipal rezon ki fè chofè yo fache, se fason pwopriyetè estasyon sèvis yo ap deside pwòp pri pa yo pou galon gaz la. Malgre Leta fikse yon pri ofisyèl, chofè yo fè konnen moun ki ap vann gaz nan Cité de l’Indépendance la ap fè kòmès nwa epi monte pri a jan yo pito.

‎Manifestan yo voye yon mesaj klè bay Premye Minis la, Alix Didier Fils-Aimé. Yo mande li pou li pran tout responsablite li pou li mete lòd nan dezòd sa a epi fòse pwopriyetè ponp yo respekte lalwa, yon fason pou malere ka respire.

‎Anplis pwoblèm gaz la, chofè yo ak popilasyon an pa kapab ankò ak zak vyolans gang « Kokorat San Ras » ap komèt nan rejyon an. Gwoup ame sa a ap vòlè, ap devalize moun, epi ap touye sitwayen sivil san gade dèyè nan tout depatman an.

‎« Nou bouke tande gwo zam ki ap pete epi wè frè ak sè nou ki ap mouri. Leta dwe aji vit pou kraze baz gang sa a ki ap fini ak Latibonit », se sa kèk manifestan te deklare ak anpil kòlè.

‎Yo mande otorite konsène yo pou yo deplwaye fòs sekirite yo yon fason ki serye pou derasinen gang sa a ki anpeche moun sikile lib e libè sou wout yo.

‎Pri gaz : Chofè yo mande pou pri a rete nan sa otorite yo anonse a epi pou gen kontwòl nan ponp yo.
Leta dwe aji :Yo mande PM Alix Didier Fils-Aimé pou li pa rete bra kwaze devan abi ki ap fèt yo.
Sekirite : Yo egzije operasyon prese prese pou fini ak gang « Kokorat San Ras » ki tounen yon malè pandye pou tout moun nan zòn nan.
‎Mobilizasyon sa a montre jan sitiyasyon an vin rèd pou moun Gonayiv, ki ap debat ant lavi chè ak yon ensekirite ki ap vale teren chak jou pi plis.

About Emmanuel Hubert

Check Also

Ayiti/Pwotestasyon: Pòtoprens Paralize, Lapolis an Kòlè nan Lari a.

Yon gwo tansyon vale teren nan plizyè zòn nan kapital la nan finisman jounen lendi …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager