Mèkredi 29 avril 2026 la se yon dat ki pral make yon gwo tounan pou avni plizyè santèn milye imigran Ozetazini. Nèf jij Kou Siprèm yo pral tande agiman nan de dosye enpòtan ki konsène anilasyon Estati Pwoteksyon Tanporè (TPS) gouvènman Donald Trump lan te deside mete an aplikasyon.
Nan mitan diskisyon sa yo, gen de (2) ka prensipal kote avoka yo pral konteste desizyon administrasyon an pou li mete fen nan pwogram sa a pou sitwayen Ayisyen ak Siryen yo. Gwo pwen ki pral debat la se pa sèlman si peyi sa yo an sekirite, men se sitou sou pouvwa sistèm lajistis la.
Jij yo dwe detèmine si tribinal ki pi ba yo (tribinal federal yo) gen dwa pou yo bloke oswa sispann yon desizyon administratif gouvènman an pran lè li deside kanpe yon pwogram tankou TPS la.
Dapre detay ki soti nan dosye yo, administrasyon Trump lan kwè ke desizyon pou bay oswa retire TPS se yon « pouvwa diskresyonè » ki soti nan depatman Sekirite Enteryè. Sa vle di, selon yo, jij yo pa ta dwe gen dwa foure bouch yo nan desizyon sa a.
Bò kote pa yo, òganizasyon ki ap defann dwa moun ak avoka imigran yo diskite ke si yon desizyon administrasyon an pran baze sou move enfòmasyon oswa si li pa respekte lalwa, tribinal yo dwe gen pouvwa pou yo entèvni epi pwoteje benefisyè yo.
Pou kominote ayisyen an, rezilta odyans sa yo gen yon pwa lou. Si Kou Siprèm lan ta bay gouvènman an rezon, sa ta ka louvri chemen pou mete fen nèt nan pwoteksyon legal ki pèmèt anpil fanmi viv epi travay Ozetazini depi plizyè lane.
Atant yo anpil pou wè ki direksyon jij yo pral pran. Desizyon final la pa espere parèt jodi a menm, men analiz yo pral fè pandan jounen mèkredi a pral bay yon lide klè sou ki kote van an ap vante pou plizyè milye konpatriòt.
Echojounal echojounal.net