Ayiti/Kanaval: 536 milyon goud pou òganize kanaval pandan pèp la ap dòmi nan lari.

Komite ki pral òganize kanaval nan lakou peyi Dayiti pou ane 2025 lan nan « Fort Liberté » bay gouvènman defakto yon bidjè 536 milyon goud ki vo 4 milyon dola vèt.

Yon lajan ke gouvènman defakto a ta deja apwouve e ap pare pou debloke.
Sa ki fè anpil moun ap poze kesyon « Kijan fè yon gwo sòm lajan konsa gentan disponib? poutan,
anyen pa janm fèt pou popilasyon an ki nan kouri pou bandi ki pran e boule kay yo lakoz, yo ap dòmi nan lari, timoun pa ka ale lekòl, pwofesè ap fè grèv yo pa ka touche, machandiz pa ka antre nan kapital la akoz bandi pran kontwòl tout wout nasyonal yo, lopital pa ka fonksyone, fatra nan tout lari pou site sa yo.

Ki kote yon moun pral pase pou li ale nan kanaval sa? Selon anpil moun ki tap reyaji sou kesyon kanaval la, otorite defakto yo pwouve a klè soufrans popilasyon an pa nan pwogram yo, pwoblèm peyi a pa enterese yo, se afè pa yo yo vin regle, fè lajan e vin pi rich sou do pèp la.

Yon dosye nou ap swiv.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …