Pandan peyi a ap prepare pou li antre nan yon anbyans eleksyon, pwojè dekrè elektoral Konsèy Elektoral Pwovizwa (KEP) a transmèt bay egzekitif la ap fè anpil bwi. Gen de atik presizeman, atik 139 ak 153, ki sanble ap trase yon liy wouj pou fòmasyon politik yo.
Daprè sa ki ekri nan atik 139 la, kondisyon pou yon pati politik enskri kandida vin pi rèd. Kounye a, pati yo dwe soumèt bay Konsèy la yon lis ki gen 30 000 manm, aderan oswa senpatizan. Moun sa yo dwe gen tout dwa sivil ak politik yo nan men yo.
Mezi sa a vize fòse pati yo pou yo gen yon baz reyèl nan peyi a, men anpil obsèvatè mande si sa a pa pral tounen yon baryè pou nouvo gwoup jèn oswa ti estrikti ki pa gen gwo mwayen finansye pou rasanble tout moun sa yo nan yon ti tan.
Pi lwen nan dokiman an, atik 153 la lage yon bonm sou tab la. Nenpòt pati politik oswa gwoupman ki pa rive jwenn 3% vòt yo nan yon eleksyon ap pran gwo sanksyon.
Men sa atik la prevwa: Pati sa a p ap gen dwa patisipe nan okenn eleksyon pandan 6 pwochèn ane ki ap vini yo.
Règleman sa a aplikab pou chak kalite eleksyon (lokal, lejislatif, oswa prezidansyèl) kote pati a angaje li.
Yon mwayen pou « netwaye » klas politik la?
Pou moun ki an favè dekrè a, se yon fason pou fini ak « pati malèt » yo epi rasyonalize sèn politik la ki gen twòp aktè ladan li. Yo kwè sa pral fòse pati yo fè alyans pou yo ka pi solid.
Okontrè, pou moun ki kritike li, yo wè sa tankou yon fason pou elimine divèsite politik nan peyi a epi bay gwo machin politik yo tout avantaj la. Avèk yon sanksyon 6 zan deyò teren an, yon echèk nan yon eleksyon ka siyifi lanmò definitif yon pati politik an Ayiti.
Dosye sa a ap kontinye fè pale nan lari a pandan klas politik la ap tann vèsyon final dekrè a ki dwe pibliye nan jounal Le Moniteur.
Echojounal echojounal.net