Seleksyon nasyonal gason Lèzetazini an fè yon gwo kout kouto nan sèzyèm final mondyal 2026 la apre yo fin ranpòte yon bèl viktwa (2-0) devan ekip Bozni-Èzegovin lan. Se te yon match ki te kenbe souf tout fanatik jiskaske dènye siflèt la te tande.
Depi nan kòmansman match la, jwèt la te sere anpil. De ekip yo te ap chèche fwaye nan defans advèsè a san siksè. Men, nèg chòv yo pa te dekouraje. Lè tout moun te ap tann siflèt mi-tan an, Folarin Balogun te rive jwenn twou a nan 45yèm minit la. Sou yon bèl aksyon kolektif, atakan an pa te tranble devan gadyen Bozni an epi li voye boul la nan fon sàk la pou l louvri nòt la. 1-0 pou Lèzetazini dwat anvan poz la.
Nan dezyèm mitan an, seleksyon Bozni-Èzegovin lan te tounen ak plis agresivite pou li te ka jwenn egalizasyon an, sa ki te mete gwo presyon sou defans ameriken an. Men, antrenè a te fè chanjman ki nesesè yo pou estabilize ekip la.
Se finalman Malik Tillman ki te vin delivre tout yon pèp nan 82yèm minit la. Apre li te fin antre kòm ranplasan, Tillman te pwofite de yon erè nan mitan teren Bozni an, li kontwole boul la avèk kalm epi li make dezyèm gòl la. Yon aksyon klas ki te koupe souf advèsè yo nèt epi ki te mete match la an sekirite nan (2-0).
Echojounal echojounal.net