Ayiti/Petyonvil/kidnapin : Tansyon devan lakomin aprè kout dechoukay 7 anplwaye

Yon gwo kòlè pete devan lokal lakomin Petyonvil jodi madi 28 avril 2026 la. Plizyè dizèn moun rasanble pou leve vwa yo kont anlèvman 7 anplwaye enstitisyon an, pami yo yon sèten « Joël » ke tout moun nan zòn nan konnen.

Dapre temwayaj moun ki te sou plas, malè a frape nan matine lendi 27 avril 2026 la. Anplwaye sa yo te nan mitan mache Télélé (Petyonvil) pou yon kontwòl woutin, jan yo konn fè sa dabitid, lè yon gwoup nèg ame yo pa rive idantifye sakaje yo epi pati ak yo.

Depi lè sa a, fanmi ak kòlèg travay viktim yo nan gwo kè sote, paske yo pa gen okenn nouvèl sou kote yo ye ni nan ki eta yo ye.

Byen bonè maten an, devan pòtay lakomin nan, anbyans lan te chaje ak tansyon. Manifestan yo, ki te fache anpil, pa te mete dlo nan bouch yo pou yo kritike pasivite otorite yo. Men revandikasyon prensipal yo :
Liberasyon san kondisyon : Yo mande pou tout 7 anplwaye yo jwenn libète yo rapidman.
Responsablite Lameri : Yo egzije pou responsab lakomin yo pran tout dispozisyon nesesè, nan kolaborasyon ak lapolis, pou fòse kidnapè yo lage anplwaye yo.
Sekirite pou ajan yo :Yo denonse lefètke moun k ap travay pou Leta pa ka menm fè devwa yo san yo pa pè pou lavi yo.

« Nou pa ka aksepte sa. Moun sa yo t ap travay pou komin nan, se pa nòmal pou yo pase anba men malfektè pandan yo ap rann sèvis, » se deklarasyon yon pwotestatè ki te an kolè.

Kidnapin sa a rive nan yon moman kote sekirite a ap degrengole pi rèd nan zòn metwopolitèn nan. Mache Télélé, ki se yon kote ki toujou gen aktivite, vin tounen yon zòn danjere menm pou ajan minisipal yo.

Pou kounye a, responsab lakomin Petyonvil yo poko bay yon repons ofisyèl sou fason yo pral jere kriz sa a, men presyon popilasyon an ap kontinye moute pi rèd devan baryè enstitisyon an.

 

About Emmanuel Hubert

Check Also

Ayiti/ Koripsyon: RHAJAC mande depa prese prese Gérald Remplais

Rezo Ayisyen Jounalis Kont Koripsyon (RHAJAC) lage yon gwo kout rèl kont fason Administrasyon Jeneral …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager