Rezo dwa moun ak defans migran yo nan lapèn ak kòlè. Gwoup Sipò pou Repatriye ak Refijye (GARR) pibliye yon nòt pou denonse ak tout fòs li asasina Clerger Rodler, yon jèn gason 22 an, ke yon ajan imigrasyon dominikèn tire sou plas pandan yon operasyon trake Ayisyen. Èspas kote …
Read More »KEP pase men nan kalandriye elektoral la: Enskripsyon kandida yo pwolonje jiska 31 oktòb 2026.
Konsèy Elektoral Pwovizwa (KEP) anonse yon seri chanjman enpòtan nan kalandriye pou òganizasyon pwochen eleksyon yo. Pami prensipal desizyon ki pran yo, enstitisyon an pwolonje dat pou kandidat yo enskri sou entènèt epi pote pyès yo rive jis pou 31 oktòb 2026. Ajistman sa a vin rive touswit apre …
Read More »Gouvènman an kontinye mete moun pa li: Marie-Ange Loméus pran tèt CAS sou lòd Wilner Joseph
Pandan Konsèy Minis lan sot pase men nan dekrè elektoral la jan nou te deja anonse sa nan edisyon presedan nou yo, dinamik pou kontwole aparèy Leta a ap kontinye ak tout vitès. Bò kote pa l, Konsèy Elektoral Pwovizwa a (KEP) deja soti yon kominike pou l anonse kèk …
Read More »Ayiti/Denonsyasyon: RHAJAC mande lajistis ak DCPJ ouvè yon ankèt sou yon rezo kontrebann ak trafik zam
Rezo Ayisyen Jounalis Kont Koripsyon (RHAJAC) pote plent epi mande Komisè Gouvenman an, Me Fritz Patterson Dorval, pou l ouvè yon ankèt pi vit ke posib sou Gérard Cassis, ki gen gwo akizasyon ki ap peze sou do l sou tèt ansanm li ak chèf gang pou fè antre machandiz …
Read More »Haiti / Sécurité : Un militaire aux arrêts après avoir semé la panique à Jacmel
Le Haut-Commandement des Forces Armées d’Haïti (FAd’H) a annoncé ce lundi 5 octobre 2026 l’arrestation d’un militaire accusé d’abandon de poste et de mise en danger de la population. Selon une note de presse du Grand Quartier Général, l’individu a quitté son service sans autorisation pour se rendre à Jacmel, …
Read More »Kenscoff : MARNDR ak FAO distribye materyèl agrikòl bay 1400 pwodiktè
Nan lide pou ede relanse pwodiksyon lokal la epi batay kont grangou, Ministè Agrikilti, Resous Natirèl ak Devlopman Riral (MARNDR), avèk sipò Oganizasyon Nasyon Ini pou Alimantasyon ak Agrikilti (FAO), distribye yon pakèt zouti agrikòl bay 1400 pwodiktè nan komin Kenscoff, samdi 3 oktòb 2026 la. Aksyon sa …
Read More »Ayiti/Edikasyon: Anseyan nan ba Latibonit manifeste pou mande touché lajan yo nan Verèt.
Anseyan nan kat distrik lekòl nan zòn ba Atibonit pran lari lendi 5 oktòb 2026 sa a nan komin Verèt, pou yo proteste kont fason otorite yo deside peye salè yo. Pwofesè yo rejte ak fòs desizyon ki oblije yo fè wout ale Saint-Marc toupre a jis pou yo …
Read More »Brezil/Eleksyon: Lula dèyè Flávio Bolsonaro, yon dezyèm tou rekonpans anonse
Yon gwo konfizyon ak sipriz nan politik peyi Brezil la. Dimanch 4 oktòb 2026 la ki sot pase a, premye tou eleksyon prezidansyèl la fini sou yon rezilta okenn moun pa te atann: senatè konsèvatè Flávio Bolsonaro, pitit gason ansyen prezidan Jair Bolsonaro, pase devan prezidan anrejistre a, Luiz Inácio …
Read More »Rantre Jidisyè 2026-2027: APM lonje dwèt sou plizyè obstak ki anpeche jistis la mache nan peyi a
Okazyon rantre jidisyè 2026-2027 la rive nan yon kalfou difisil pou sistèm jistis la nan peyi Ayiti. Nan yon nòt pou laprès ki pibliye lendi 5 oktòb 2026 sa a, Asosyasyon Pwofesyonèl Magistra yo (APM) voye yon gwo kirobi sou divès fwen ak difikilte ki ap anpeche sitwayen yo jwenn …
Read More »Yon Konsèy Minis prevwa pou jodi a pou modifye Dekre Elektoral la, yon Direktris Jeneral riske revoke, KEP a ap pare pou soti yon kominike
Selon yon sous byen enfòme, yon Konsèy Minis prevwa reyini lendi 5 oktòb 2026 sa a nan lide pou pote modifikasyon nan dekrè elektoral la, yon etap ki konsidere tankou yon kondisyon prensipal pou debouche sou yon kalandriye elektoral ki ka kenbe tèt li. Pandan tan sa a, Konsèy Elektoral …
Read More »
Echojounal echojounal.net