Rezo dwa moun ak defans migran yo nan lapèn ak kòlè. Gwoup Sipò pou Repatriye ak Refijye (GARR) pibliye yon nòt pou denonse ak tout fòs li asasina Clerger Rodler, yon jèn gason 22 an, ke yon ajan imigrasyon dominikèn tire sou plas pandan yon operasyon trake Ayisyen.
Èspas kote dram nan te rive a se te nan lokalite Villa Playboy, ki twouve l nan zòn Verón, Punta Cana, jou ki te samdi 3 oktòb 2026 la.
Pandan l ap kalifye zak sa a kòm yon « krim revòltan », GARR konfime ke sa ki rive Rodler a se pa yon ka izole. Òganizasyon an rapòte ke depi plizyè ane, anpil lòt sitwayen ayisyen pèdi lavi yo anba men ajan imigrasyon ak militè dominiken yo. Pi gwo tèt chaje a, se fason zak sa yo toujou rete san swivi ni jistis nan peyi vwazen an.
Fas ak sitiyasyon sa a ki pa sispann anpire, GARR lanse yon seri apèl fèm bay plizyè enstans tankou :
* Gouvènman ayisyen an : Òganizasyon an mande otorite nan Pòtoprens yo pou yo soti nan silans yo, pou yo pran responsabilite yo pou pwoteje ak defann lavi ak dwa sitwayen yo ki ap viv lòt bò dlo.
* Jistis dominikèn : Li esansyèl pou yon ankèt louvri san pèdi tan pou etabli laverite, jwenn moun ki fè krim lan ak tout konplis li yo pou yo ka reponn ak zak yo anba lalwa, pandan yo egzije dominiken yo sispann pratik vyolans ak diskriminasyon ki ap fèt sou ayisyen yo.
* Kominote entènasyonal la : GARR fè apèl li bay tout enstans entènasyonal ki defann dwa moun pou yo pran nòt sou vyolasyon repete sa yo epi fè presyon ki nesesè pou respekte diyite moun ki ap emigre yo.
Moun yo ap tann kounye a repons ofisyèl ministè afè etranjè Ayiti a ak jan diplomasi peyi a pral poze ka sa a devan otorite Sendomeng yo pou jistis ka rann bay fanmi viktim nan.
Echojounal echojounal.net