Ekip nasyonal foutbòl fanm Ayiti a (Grenadyè yo) ap prepare l pou l antre nan yon gwo etap nan preparasyon l, avèk de gwo match amikal entènasyonal ki pwograme pou jou ki ap 9 ak 13 oktòb ki ap vini la a nan peyi Lafrans. Match sa yo ap sèvi kòm yon gwo tès pou evalye fòm ekip la anvan gwo randevou desizif ki rezève pou yo nan mwa novanm ki ap vini an kont ekip Meksik la.
Pou preparasyon sa a, ankadreman teknik la pote kèk chanjman fondamantal nan gwoup la ak konvokasyon twa nouvo jwèz epi yon retou ki senbolize yon ranfò enpòtan pou lyonès ayisyèn yo.
Pami nouvo jwèz ki rantre nan seleksyon an pou premye fwa, nou jwenn:
* Nelly Maignan (Gadyèn): Ti sè gadyen entènasyonal franse Mike Maignan an, ki vin pote eksperyans li ak talan l nan kafe gadyen seleksyon ayisyèn nan.
* Audrey François: Yon nouvo manch nan atak la ki vin pote plis vitalite ak dinamis nan offensive Grenadyè yo.
* Danique Ypema (Defansè): Yon ranfò nan liy dèyè a ki gen pou misyon pote plis solidite ak estabilitè nan defans la.
Sèk la konplete avèk retou Chelsea Surpris, defansè ayisyèn ki ap evolye nan peyi Almay. Retou sa a ap pote plis matirite ak eksperyans nan liy defensiv Grenadyè yo, yon eleman ki enpòtan anpil pou afwonte de gwo peyi tankou Japon ak Ostrali.
Grenadyè yo ap gen pou yo mezire fòs yo an premye kont ekip Japon an nan dat 9 oktòb, anvan yo kwaze ak Ostrali nan dat 13 oktòb. De konfwontasyon sa yo ap pèmèt ankadreman teknik la korije dènye detay yo anvan gwo chòk novanm nan kont Meksik.
Echojounal echojounal.net