Gouvènè Massachusetts la siyen yon lwa ki mete barikad pou ajan ICE yo nan zòn sansib yo.

Gouvènè Massachusetts la, Maura Healey, siyen yon nouvo lwa ki vin mete gwo restriksyon sou fason ajan imigrasyon ameriken yo (ICE) ka antre nan yon seri kote ki sansib nan Leta a. Desizyon sa a fèt nan yon moman kote tansyon yo ap monte epi gen gwo laperèz nan mitan plizyè santèn mil imigran ki anba menas pou yo ta depòte yo.

Lwa sa a, yo rele PROTECT Act, fèt pou pwoteje espas piblik fondamantal yo pou tout moun ka sèvi ak yo san yo pa pè. Bout lwa sa a entèdi ajan ICE yo fè arrestasyon sivil san yon manda yon jij siyen anndan zòn ki pa piblik nan lopital yo, lekòl yo, jaden daprann yo (gardri), kay retrèt yo, sant sante yo ansanm ak tribinal yo nan tout Massachusetts.

Pami lòt pwen enpòtan ki nan lwa sa a:
Lapolis lokal pap travay pou ICE: Lwa a mete yon frap sou akò 287(g) yo. Li entèdi otorite nan Leta a siyen nouvo kontra ki ta bay lapolis lokal pouvwa pou yo fè travay ajan imigrasyon federal yo.

Pouswit legal kont delenkan yo: Se youn nan lwa ki pi sevè nan peyi a sou kèsyon sa a, paske li ouvè pòt pou yo mennen nenpòt ajan lajistis, swa nan tribinal sivil oswa kriminèl, si li ta vyole pwoteksyon sa yo oswa dwa sivik moun yo.

Pwoteksyon pou fanmi yo: Lwa a bay paran yo posiblite legal pou yo ranje papye koutid (tutèl) pou pitit yo alavans, pou timoun yo pa rete san pwoteksyon si paran yo ta vin nan ka detansyon oswa depòtasyon.

Gouvènè Maura Healey ak divès òganizasyon ki kòmande dwa moun fè konnen mezi sa a nesesè pou sekirite tout sosyete a. Dapre yo, okenn moun pa ta dwe pè mennen yon timoun lekòl, ale chèche swen nan lopital, oswa al rann temwayaj nan tribinal poutèt yo pè pou yo pa arete yo.

Lwa sa a mete Massachusetts nan tèt liy Leta ki deside poze aksyon fèm pou pwoteje kominote imigran yo devan gwo vag depòtasyon k ap menase yo.

About Emmanuel Hubert

Check Also

Haïti/Élections : Le CEP accorde un répit aux groupements politiques et prolonge les inscriptions jusqu’au 6 août

Nouveau glissement dans le calendrier électoral haïtien. Dans une note officielle rendue publique ce lundi …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager