Nan yon peyi kote lekòl piblik ap kraze, lopital manke medikaman, epi wout yo tounen paswa, kesyon finans piblik yo se yon sijè ki dwe enterese chak sitwayen. Pami divès kalite taks Leta kolekte pa bwa Direksyon Jeneral Enpo (DGI), Enpo sou Revni Endividyèl (IRI) se youn nan pi gwo poto mitan. Men, kote lajan sa a pase? Poukisa misyon IRI a rete yon rèv sou papye pandan reyalite a se kòripsyon ki ap taye banda?
Kisa IRI a ye menm, epi poukisa li enpòtan?
Pou nou konprann li senp, IRI a se yon taks Leta pran dirèkteman sou sa yon sitwayen touche, kit li se yon salarye nan yon biwo, kit li se yon pwofesyonèl endepandan (doktè, avoka, enjenyè). Lalwa mande pou chak moun peye selon sa li touche, kote pousantaj la ka soti nan 0% rive 30% pou moun ki pi gwo moso yo.
Nan yon sistèm ki nòmal, lajan IRI a gen yon enpòtans kapital:
Distribisyon richès: Li pèmèt Leta pran nan men moun ki genyen pou li ka bay popilasyon an sèvis debaz.
Finanse devlopman: Se ak lajan sa a pou leta konstwi enfrastrikti (wout, dlo potab, kouran).
Souverenète nasyonal: Pi gwo bidjè a chita sou taks lokal yo, se pi mwens peyi a ap depann de lòt nasyon ak òganizasyon entènasyonal.
Si teyori a bèl, reyalite a an Ayiti bay kè plen. IRI a pa akonpli misyon l, epi jodi a, anpil ekspè ak sitwayen ap denonse yon move jesyon total kapital sou lajan sa a.
Premye pwoblèm nan se « enjistis fiskal« . Se ti malere ki ap touche yon ti lajan tou piti nan kòmansman mwa yo rache IRI a sou kò yo anvan menm chèk la soti. Pandan tan sa a, gwo kòporasyon, grannèg, ak elit politik yo jwenn mwayen pou yo fè « frawod fiskal » oubyen yo bay kach anba tab pou yo pa janm peye sa yo dwe.
Dapre plizyè rapò sou kòripsyon nan peyi a, lajan IRI a tounen yon kachfoul pou moun ki nan pouvwa a ak konplis yo. Olye lajan sa a al nan sèvis piblik, li pase nan move chemen:
Pòt de ven ak kòripsyon pasif: Enspektè DGI ak fonksyonè Leta kwonpi ap manyen lajan nan men gwo chabrak pou efase dèt fiskal yo.
Detounman fon: Lajan ki te dwe sèvi pou kominote yo al fini nan kont labank prive nan peyi pèdi, oubyen nan achte gwo machin ak bèl kay pou otorite yo.
Finanse rezo kòwonpi: Lajan taks sitwayen yo tounen zam pou mare konplo politik ak kenbe sistèm enpinite a djanm.
Kisa lalwa prevwa pou vòlò lajan enpo yo?
Poutan, lalwa nan peyi Dayiti pa dous ditou ak fonksyonè Leta ki ap benyen nan vòlò lajan pèp la. Poto mitan legal ki ap gouvène krim sa yo se Lwa 12 mas 2014 la sou prevansyon ak represyon kòripsyon, ki ranfòse ak modifye Kòd Penalis la. Sanksyon yo di anpil sou papye:
Prizon : Dapre Atik 5.4 nan lwa sa a, yon fonksyonè piblik ki fè detounman fon oubyen kòripsyon pasif sou lajan enpo riske ant 3 a 9 lane prizon fèm.
Amann ak Sanksyon Finansyè: Pou detounman fon piblik, amann nan ka reprezante jiska trip (3 fwa) valè kòb ki detounen an, san konte reparasyon sivil pou remet leta chak santim. Pou lòt zak kòripsyon, amann nan ka soti 150,000 goud pou rive 1,000,000 goud.
Konfiskasyon Byen: Tout kay, bèl machin, tè, oubyen kont labank fonksyonè a achte ak lajan vòlò a, Leta gen dwa sezi yo nèt, menm si yo ta sou non madanm li, pitit li, oubyen yon fanmi pre.
Sanksyon Administratif ak Sivil: Fonksyonè a pèdi travay li touswit, li pèdi dwa politik li (degradasyon sivik), epi lalwa entèdi l okipe nenpòt fonksyon piblik pandan yon peryòd ki pa ka mwens pase 5 lanne. Pou fini, yo dwe pibliye desizyon kondanasyon an nan jounal (tankou nan Le Moniteur) pou tout peyi a ka konnen.
Malgre tout sanksyon sa yo ki ekri nwa sou blan nan lwa 2014 la, pi gwo pwoblèm peyi a rete enpinite. Sistèm jidisyè a souvan pa gen mwayen oubyen li anba gwo presyon ak kontwòl politik, sa ki fè gwo chabrak kòwonpi yo toujou rive chape anba kòd la.
Pèp ayisyen an bouke peye pou sèvis li pa janm wè. Lè yon sitwayen bay IRI li, li gen dwa pou l mande kote kòb li pase. Inite pou Goumen Kont Kòripsyon (ULCC) ak Lakou Sipriye de Kont (CSCCA) dwe sispann jwe kach-kach epi mete men nan pat la pou mwayen kontwòl yo serye. Osito ke enstitisyon ki ap jere taks yo rete nan nwa, san transparans, IRI a pap janm sèvi pou devlopman. Li lè pou lajan IRI a sispann antre nan pòch kòwonpi, pou li ka finalman sèvi popilasyon an ki ap mande jistis ak chanjman depi plizyè deseni.
Echojounal echojounal.net