Jean-Ricner Bellegarde reponn ak polemik yo : « Ann sispann tounen chak mo anba yon kous politik »

Yon jou apre gwo viktwa 4-1 seleksyon nasyonal ayisyèn nan ranpòte kont Repiblik Dominikèn nan St-Domingue, milye teren ayisyen an, Jean-Ricner Bellegarde (@Bellegarde_Jr), soti nan silans li samdi 3 oktòb 2026 sa a pou li mete bagay yo nan plas yo.

Apre gen plizyè diskisyon ki leve sou rezo sosyal yo konsènan kèk deklarasyon ak fason kèk jwè te ap fete, jwè ki ap evolye nan klèb Wolverhampton an chwazi kalme jwèt la. Pou Bellegarde, moun pa dwe chèche manti nan sa ki pase a.

« Mesaj Izi ak Nazon an te trè klè : se te FOUTBÒL, ak ti jwèt tizanpiman (chambrage). Rien de plus. Ann sispann tounen chak mo an yon deba politik », se sa entènasyonal ayisyen an ekri sou kont li.

Pandan li ap reponn polemik sa yo, Bellegarde pwofite voye yon mesaj ki pi fon bay tout kominote a ak dirijan yo sou sitiyasyon reyalite a nan peyi a. Li envite tout moun konsantre sou sa ki pi enpòtan an : devlopman ak lavni chak grenn ayisyen an.

« Jodi a, vrè kesyon an se : kisa NOU menm Ayisyen, nou ap fè tout bon vre pou nou fè foutbòl nou an avanse ? Li lè pou nou bati, pou nou aji epi bay jwè nou yo fason ak mwayen pou yo ka jwe epi defann koulè peyi nou an avèk diyite kòmsadwa an Ayiti », li te ajoute.

Deklarasyon sa a vini nan yon moman kote pèp ayisyen an te ap fete viktwa sa a, pandan anpil moun ap mande pou pi bon kondisyon ak pwofesyonalizasyon nan jesyon seleksyon nasyonal la, konsa pou Ayiti ka reprann kapasite pou l resevwa gwo match foutbòl sou pwòp teren pa l.

About Emmanuel Hubert

Check Also

Deklarasyon piman bouk Johny Placide: Yo mete gwo presyon sou jèn jwè yo pou yo pa vin nan seleksyon an

Kòmandan ak gadyen seleksyon nasyonal la, Johny Placide, mete deyò yon reyalite trè difisil anpil …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager