Enstitisyon polisyè a ansanm ak mond laprès la nan gwo dlo apre nouvèl lanmò jounalis Eline Médastin, ki te popilè anpil pou fason li te konn prezante ribrik « Anba Kod » nan emisyon « Allo la Police».
Dapre enfòmasyon pwòch li yo konfime, madanm Médastin rann dènye souf li nan vil Sen Mak, nan depatman Latibonit. Se yon Aksidan Vaskilè Serebral (AVC) ki ta lakòz depa sibit sa a ki kite anpil moun nan sezisman.
Eline Médastin pa te sèlman yon senp kolaboratris pou la PNH (@pnh_officiel). Li te tounen yon figi enpòtan nan kominikasyon enstitisyon an. Atravè ribrik « Anba Kod », li te gen responsablite pou li anonse bay popilasyon an divès arestasyon lapolis reyalize nan kad operasyon yo.
Vwa li ak prezans li sou ekran te pèmèt anpil moun swiv pi byen rezilta travay fòs lannwit kou lajounen yo ap deplwaye sou teren an.
Depi nouvèl la fin tonbe, mesaj senpati yo pa sispann miltipliye sou rezo sosyal yo. Kòlèg li nan kowòdinasyon près ak relasyon piblik lapolis la, ansanm ak anpil jounalis ki te konn travèse li, salye memwa yon fanm ki te toujou montre anpil detèminasyon nan travay li.
Pou kounye a, fanmi an ak enstitisyon polisyè a poko bay detay sou dat fineray la, men yo deja anonse se yon gwo pèt pou sektè kominikasyon an nan peyi a.
Echojounal echojounal.net