Federasyon Tinizyen Foutbòl (FTF) anonse ofisyèlman nominasyon antrenè franse a, Hervé Renard, kòm nouvo seleksyonè dechay (Aigles de Carthage). Desizyon sa a tonbe touswit apre yo fin revoke Sabri Lamouchi, ki fè yon sèl match sèlman nan konpetisyon an.
Revokasyon Lamouchi a rive apre gwo kalòt (5-1) Tinizi pran nan men Laswèd nan premye match li nan Koup Dimond lan. Pou eseye sove rès konpetisyon an, lidè foutbòl tinizyen yo chwazi bay Hervé Renard gidon ekip la jiska lafen Mondyal 2026 la.
Hervé Renard se yon nonm ki gen gwo eksperyans nan nivo entènasyonal ak nan foutbòl afriken an. Li te deja mennen Mawòk nan Mondyal 2018, epi li te reyalize yon gwo koudetza lè l te bat Larzantin ak ekip Arabi Saoudit la nan Mondyal 2022. Anvan li pran pòs sa a, li te dirije seleksyon feminen Lafrans lan nan Mondyal 2023, kote li te rive nan etap kat de final.
Misyon nouvo antrenè a ap difisil anpil paske li gen anpil ti tan pou li remete moral jwè yo an plas epi chèche yon kalifikasyon ki parèt prèske enposib. Ekip Tinizi a pral jwe pwochen match li yo anba gwo presyon anba lòd Renard.
Echojounal echojounal.net