Mondyal 2026: Japon ak Peyiba Separé Fòs yo pou premye soti yo

Nan kad premye jounen mondyal 2026 la pou Gwoup F la, seleksyon nasyonal Japon an ak ekip Peyiba fè yon gwo match nil (2-2) nan AT&T Stadium ki nan vil Arlington, toupre Dallas (Texas). Malgre gwo dominasyon ekip ewopeyen an nan premye mitan an, « Samurai Blue » yo te montre gwo rezistans pou yo remonte eskò a de fwa.

Fich Teknik Match La
Estad kote match la te jwe: AT&T Stadium (Arlington, Texas).
Abit Santral: Ismail Elfath (Etazini).

Moun ki make:
Peyiba: Virgil van Dijk (50′) ak Crysencio Summerville (64′).
Japon: Keito Nakamura (57′) ak Daichi Kamada (88′).

Sanksyon (Kat jòn):
Abit la te bay twa kat jòn nan match sa a, epi yo tout te ale pou jwè Pays-Bas yo:
Crysencio Summerville (61′)
Memphis Depay (83′)
Micky van de Ven (90+1′)

Istorik Patisipasyon nan Koup dimond
De nasyon sa yo gen gwo eksperyans nan gwo randevou foutbòl entènasyonal sa a:
Peyiba: Avèk edisyon 2026 la, ekip la reyalize 12èm patisipasyon li nan yon Koup dimond. Istwa yo make pa twa gwo final yo te jwe men yo te pèdi (nan ane 1974, 1978 ak 2010).

Japon: Pou ekip aziatik la, se 8èm patisipasyon konsekitif li nan yon Koup Mondyal depi premye fwa yo te parèt an 1998. Meyè pèfòmans yo se te rive nan faz ronn 16 (uitèm de final) nan ane 2002, 2010, 2018 ak 2022.

Apre yon premye mitan ki te trè taktik e kote rezo defansiv Japon an te bloke tout atak « Oranje » yo, dezyèm mitan an te tounen yon gwo fwa pou moun ki renmen bèl foutbòl.

Se kapitèn olandè a, Virgil van Dijk, ki te ouvè eskò a ak yon bèl kout tèt nan 50èm minit apre yon pas Ryan Gravenberch. Japon pa te pran tan pou li reponn, sèt minit aprè (57′), Keito Nakamura te vante yon gwo kout pye ki te pran yon ti devyasyon pou li te egalize.

Olandè yo te reprann avantaj la gras ak yon aksyon endividyèl senpatik Crysencio Summerville nan 64èm minit. Men, pandan tout moun te panse Peyiba tap pati ak 3 pwen yo, Daichi Kamada te mete tèt li nan yon korn Koki Ogawa pou l tronpe Bart Verbruggen nan 88èm minit, sa ki te deklanche yon gwo fèt nan mitan sipòtè Japonè yo.
Egalite sa a kite tout bagay posib nan Gwoup F kote de ekip yo gen yon pwen chak.

About Emmanuel Hubert

Check Also

Mondyal 2026: Brezil ak Maròk separe pwen yo nan New Jersey

Pou premye gwo afich nan faz gwoup Koup Dimond 2026 la (Gwoup C), Seleção a …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager