Mondyal 2026: Premye 8tyèm de final pou mondyal 2026 la, Afrik disid Kanada. Tout ti detay sou match sa.

Sware a promèt pou li chofe nan estad Los Angeles la, kote Afrik disid (Bafana Bafana) ap afwonte Kanada. Match sa a pa senpleman yon senp jwèt, se premye fwa de nasyon sa yo ap kwaze nan istwa koup dond foutbòl gason yo, epi se pou yon plas istorik nan 8tyèm de final.

Apre yon faz de gwoup entans, de ekip yo rive nan 16yèm de final (Round of 32) ak anpil anbisyon. Pou Afrik disid, se premye fwa nan istwa yo yo pase premye tou nan yon Koup Dimond. Pou Kanada, kòm youn nan peyi ki ap òganize konpetisyon an, presyon an anpil pou yo pa tonbe devan piblik yo.

Istorik ak Estatistik De Ekip Yo
Pou pi byen konprann anje match sa a, nou ap jete yon kout je sou pakou ak nimewo de seleksyon sa yo nan istwa foutbòl:
Kantite Konfwontasyon dirèk: Sa a se premye fwa nan istwa yo ke Afrik disid ak Kanada ap jwe youn kont lòt nan yon match foutbòl gason nan Koup Dimond.
Pa gen oken istwa anvan sa, sa ki rann match aswè a pi eksitan toujou.

Patisipasyon nan Koup Dimond:
Afrik disid: Gen 4 patisipasyon total nan istwa yo (1998, 2002, 2010 kòm peyi òganizatè, ak edisyon 2026 sa a).

Kanada: Gen 3 patisipasyon nan istwa yo (1986, 2022, ak edisyon 2026 sa a kòm ko-òganizatè).

Dènye Klasman nan yon Koup Dimond:
Nan dènye Koup Dimond yo te jwe anvan sa, tou de ekip yo te elimine depi nan faz de gwoup (premye tou). Afrik disid te fini nan premye tou an 2010, epi Kanada te elimine tou nan premye tou an 2022 nan peyi Kata san li pa t genyen okenn match.

Gayan nan gwo chòk sa a ap kontinye bèl avanti sa a pou l al jwenn nan 8tyèm de final swa Peyi Ba (Pays-Bas) oubyen Mawòk. Antrenè Afrik disid la, Hugo Broos, ap konte sou gwo fòm gadyen li ak kaptenn Ronwen Williams pou bloke atak Kanadyen yo. Bò kote pa yo, Kanadyen yo gen avantaj sipò piblik la sou kontinan nò ameriken an.

Tout je serye fikse sou Los Angeles pou n wè kilès nan de ekip sa yo ki ap ekri yon lòt paj istwa nan edisyon 2026 sa a !

About Emmanuel Hubert

Check Also

Mondyal 2026/Gwo sipriz nan Los Angeles: Tiki bat Etazini, faz Gwoup yo ap bout ak gwo chòk!

Dènye jounen faz gwoup yo nan Koup Dimond 2026 la kontinye ap pote gwo emosyon …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager