Atmosfè a te cho kou dife jodi samdi 4 jiyè 2026 la pou kòmansman match uityèm de final koup dimond 2026 la. Sipriz ak gwo tonton tansyon te nan randevou a, sitou pou peyi Kanada ki pran yon gwo kalòt nan men Mawòk, pandan Lafrans li menm rale yon souf soulajman anba men Paragwe.
Se te yon gwo desepsyon pou sipòtè kanadyen yo nan estad la. Mawòk pa te nan jwe jodi a yo elimine youn nan peyi ki ap òganize konpetisyon an, Kanada, ak yon nòt klè: 3 gòl a 0.
« Lion de l’Atlas » yo te montre yo mèt teren an nan dezyèm mi-tan an. Se Azzedine Ounahi ki te debloke sitiyasyon an nan 50yèm minit anvan li te tounen vin dous nòt la nan 82yèm minit pou l te mete Mawòk nan yon pozisyon konfòtab (2-0). Pandan match la te ap fini, nan tan adisyonèl, Soufiane Rahimi te pwofite yon dènye okazyon nan 90yèm minit (+8′) pou l te siyen twazyèm gòl la epi fèmen match la nèt (3-0). Viktwa sa a voye Maròk dirèkteman nan ka de final.
Nan lòt match jounen an, « Les Bleus » yo kalifye tou, men sa pa te fasil menm. Lafrans ranpòte laviktwa 1-0 kont yon ekip Paragwe ki te bati yon vrè miray nan defans li.
Match la te bloke nèt jiskaske Lafrans te jwenn yon penalite nan dezyèm mi-tan an apre yon fòt nan kare a. Se gwo vedèt ak kapitèn ekip la, Kylian Mbappé, ki te pran responsabilite a. Avèk anpil frèchè, Mbappé te voye boul la nan fon filè a pou l te bay Lafrans sèl gòl nan match la sou penalite. Malgre Paragwe te bay tout sa l genyen nan dènye minit yo, franse yo te kenbe avantaj la jouk sa kaba.
Avèk rezilta sa yo, Maròk ak Lafrans gentan pran tikè yo pou pwochen etap la. Sipòtè yo ap tann pou wè kilès ki ap vin jwenn yo nan rès match uityèm de final yo.
Echojounal echojounal.net