Sekirite kont dife ak gwo chalè : KRIFA pote soulajman nan 4 sit deplase anndan peyi a

Òganizasyon KRIFA poze yon aksyon enpòtan pou ranfòse sekirite ak amelyore kondisyon lavi moun ki deplase anndan Peyi a (PDI), espesyalman timoun yo. Òganizasyon an sot enstale ekstenktè ak vantilatè nan « Espas Zanmi Timoun yo » (EAE) ki nan kat sit deplase gwo enpòtans : Mormon, OPC, ONA ak OPL.

Dapre enfòmasyon sous nou yo rapòte nan sal redaksyon an, inisyativ sa a fèt nan lide pou minimize risk dife epi bay timoun yo yon ti frechè nan mitan gwo chalè ki ap soti nan sit sa yo. Kondisyon lavi nan kan yo souvan konplike, epi prezans aparèy sa yo pral pèmèt espas kote timoun yo rasanble yo vin pi an sekirite ak pi konfòtab.

Òganizasyon an prevwa òganize yon fòmasyon pratik rapid vit pou aprann responsab yo ak moun nan sit yo kouman pou yo sèvi ak ekstenktè yo. Konsa, yo ap pi byen pare pou yo reyaji si yon ijans ta rive, epi evite gwo katastwòf nan espas sa yo kote moun yo rete pil sou pil.

About Emmanuel Hubert

Check Also

Enquête sur l’assassinat de Jovenel Moïse : l’ex-sénateur Nenel Cassy auditionné par le juge Denis Cyprien

L’ancien parlementaire Nenel Cassy a été auditionné ce jeudi pendant plus de deux heures par …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager