AYITI/POLITIK: POUKISA YON ENFÒMASYON KONSA KACHE, PÈSÒN PA PALE DE LI NI OPOZISYON NI POUVWA E MENM LAPRÈS?

Nan dat 25 jwen 2019 pase a Konsèy Sekirite Nasyonzini an te chita antre yo pou te kreye yon nouvo fòs pou peyi Dayiti kap pote non BINUH ke yo te defini konsa Biwo Entegre Nasyonzini Nan Peyi Dayiti.

Poukisa okenn moun pa pale de sa ni politisyen opozisyon yo, ni bò pouvwa a e menm laprès, nan okenn deba dènye jou sa yo, kesyon konsa pa janm soulve.

Men misyon ki sou tab la pou nouvo fòs la vin akonpli.
lap gen pou misyon ede gouvènman an fè eleksyon, bay lapolis la jarèt nan mete anba kòd tout bandi kap simen latwoublay nan peyi a, bay kout men nan sistèm jistis la.

Nan konbyen tan yap fin akonpli misyon sa menm?
BINUH pral genyon manda 12 lane nan peyi a.

Kilè yap gen pou pile tè papa Dessalines nan ankò?
Semèn kap vini an, yo ta dwe rantre nan peyi swa 15-16 oktòb 2019 la paske se yo kap vin ranplase MINUJUSTH ke kontra li ap fini 15 mwa sa.

Kesyon nou ka poze toujou, se ki gouvènman nouvo fòs onizyèn sa pral ede fè eleksyon an?

Yon dosye ke nap swiv.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

AYITI/KRIZ: NAN MACHE FLANNEN GARRY CONILLE PÈDI WOUT LI.

Pandan sityasyon an depase konplike pou popilasyon an, yo pa ka voye pitit yo lekòl, …