AYITI/POLITIK:PATI POLITIK YO SE PI GWO PWAZON DEVLOPMAN PEYI DAYITI.

Ayiti premye pèp nwa sou latè ki rive pran libète anba men kolon blan Fransè, e menm rive patisipe nan libere anpil lòt peyi, tankou nan ede yo batay, nan ba yo zam, manje ak lajan, konsa tou nan siyen pou aksepte libète yon peyi.

Depi kreyasyon pèp Ayisyen an se toujou yon lit nan tout pòs ki gen pou wè avèk pouvwa leta, kote chak ap eseye montre kapasite yo nan chire pit pou di se yo ki kapab fè travay la pi byen, pandan pwovèb kreyòl la di « men anpil chay pa lou ».

Chak jou pati politik ap pouse tankou djondjon, pou bay chak grenn Ayisyen yon espwa pandan rezilta yo pa sispann vin pi grav, difikilte yo anpil, defi yo konplike nan tout sans pandan figi peyi Dayiti make trepase.

Chak ane ki rantre nan pi gwo objektif yon pati politik genyen kontinye ap goumen pou pran pouvwa menm lè se menm pati sa ki deja anndan pouvwa, pandan se plis grangou, plis chomaj, plis ensekirite, plis enstitisyon yo ap febli, lekòl ajenou, inivèsite yo san ekipman pou inivèsitè yo kapab byen aprann, dlo yo pa trete, timoun ap fè timoun, lopital yo pa ka bay sèvis, pa gen pwodiksyon nasyonal, epidemi rantre lèl vle sou popilasyon an, ekonomi Ayiti tonbe an degraba, lòt peyi pa valorize sitwayen Ayisyen ankò, epi katastwòf natirèl yo poze kesyon lè yo vle pou klwouwe Ayisyen nan ogmante lamizè,leta bò kote pal dwe sibvansyone tout pati politik sa yo ki kòrèk ak lalwa.

Yon pèp ki san defans, san direksyon, san prevwayans, san yon bon objektif pou devlopman, san yon lidè konpetan, pandan chak segond pati politik pwofite ap miltipliye pou bay lòt pati politik tankou rat k’ap pleple san gad dèyè, tout pati politik nan peyi Dayiti fè konnen bon jan plan pou chaje sa nan pwogram yo, sa pa anpeche plis twoub politik Ayiti se pati politik yo ki kreyel.

Anpil fwa fason pati politik yo fè entegrasyon lòt moun souvan san pwofesyonalis ak konpetans , yon moun konn gen yon senp popilarite pati politik yo gentan chwazi moun sa pou reprezante yon nasyon pandan pa gen konpetans pou sa kote moun ki chwazi a, pou anpil pati politik moral pa egziste, yo itilize plizyè jèn nan mete zam pou al fè zak malonèt pou yo kapab pran pouvwa, konsa yo konn retire lavi yon lòt ki nan yon lòt pati politik ki kapab anpeche youn rive sou pouvwa.

Apre eleksyon jan anpil moun kapab konstatel tout pati politik tounen zonbi, menm sa ki pran pouvwa ak tout bèl plan pou devlopman, Ayiti li menm la pou lòt eleksyon, chak pati politik ki pi popilè gen yon pye anndan pouvwa, sa pa anpeche ka Ayiti toujou rete pi mal, pandan anpil lòt pati politik kontinye fonde pou kontinye bliye plan devlopman peyi a, men y’ap kontinye antre lajan nan pòch.

josephjemsley814@gmail.com

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

AYITI/KRIZ: NAN MACHE FLANNEN GARRY CONILLE PÈDI WOUT LI.

Pandan sityasyon an depase konplike pou popilasyon an, yo pa ka voye pitit yo lekòl, …