FIFA BAY FE VE POU ITILIZE VIDEO POU MONDYAL 2018 LA

FIFA adopte prensip  asistans video pou abit yo pou mondyal 2018 la kap gen pou dewoule nan peyi lawisi nan dat 14 jwen pou rive 15 jiyè 2018.

Desizyon sa pran pandan yon konsèy FIFA nan vil Bogota peyi Kolonbi, se pou premye fwa prensip VAR a pral aplike nan koup dimond. Reinhard Grindel ki se direktè egzekitif federasyon foutbòl peyi Almay se premye moun ki ta pral lage enfo a ayè vandredi 16 mas 2017 la sou twitter.

Selon prezidan FIFA a Gianni Infantino, abitraj video a pa solisyon tout difikilte ki gen nan foubòl la men sistèm VAR pral ede jere pwoblèm ak erè abit yo konn fè nan match yo sitou nan kesyon òje, penalite ak katon yo poun site sa yo.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …