Plizyè ti granmoun fanm kou gason pèdi lavi yo nan lannwit vandredi 6 desanm 2024 la pou rive maten dimanch 8 desanm nan nan zòn « Village de la Paix » ki chita kò li sou wout waf Jeremi an nan komin site solèy.
Selon enfo ki rive jwenn nou moun sa yo pèdi lavi yo anba kout bal, kout manchèt ak dife gwoup bandi ki gen nan tèt li « Mikanò », nan moman nou ap pale la dimanch 8 desanm 2024 gen plizyè lòt granmoun ki an difikilte ke bandi yo ap chache e ki deja nan men yo pou yo al touye.
Bandi yo pran desizyon sa akoz pitit chèf yo « Mikanò » ta malad e yo ta fè konnen se lougawou nan zòn nan ki ap manje li. Yo akize tout moun ke yo ap touye yo se lougawou, bilan moun ki mouri yo wo anpil e ta gen kèk jèn gason tou yo touye sou pretèks yo ta anpeche yo touye kèk granmoun, nan kache yo ak nan defann yo.