Yon jounalis pran kòmandman Lameri Site Solèy: Daniel Saint-Hilaire pwomèt chanjman

Yon nouvo paj louvri pou komin Site Solèy jounen lendi 25 me 2026 la. Jounalis ak responsab medya respekte a, Daniel Saint-Hilaire, enstale ofisyèlman kòm nouvo prezidan komisyon administratif ki ap dirije lameri a. Seremoni an te fèt nan lokal Ministè Enteryè ak Kolektivite Teritoryal yo, anba direksyon minis Paul Antoine Bien-Aimé.

Avan li te pran fonksyon li, nouvo majistra a te sèmante devan dwayen tribinal premye enstans Pòtoprens lan, mèt Bernard Saint-Vil. Daniel Saint-Hilaire pap mache pou kont li nan gwo misyon sa a, li antoure ak de lòt manm nan komisyon an: Betty Montina ak Jackenson Auguste.

Site Solèy se yon komin ki ap soufri depi plizyè lane anba yon kriz imanitè ak sekirite ki san parèy. Vyolans zam, fatra ki ap vale teren, grangou ak mank sèvis leta se reyalite popilasyon an ap soti ak li chak jou.

Nan premye diskou li kòm chèf lameri a, Daniel Saint-Hilaire pa te kache reyalite a. Li rekonèt sitiyasyon an grav anpil, men li pwomèt pou li pote yon lòt souf pou komin nan. Pami premye gwo chantye nouvo ekip la anonse, genyen:
Pasifikasyon nan zòn nan: Tounen met jwenti pou rann komin nan pi kalm, yon fason pou lavi ak aktivite ekonomik ka reprann.

Sipò pou moun ki pi fèb yo: Pote sekou bay fanmi ki pi vilnerab yo k ap kwochi anba mizè.
Anviwònman ak Lasenisman: Netwaye kanal yo epi rasanble fatra ki tounen yon senbòl abandon pou Site Solèy.

« N ap travay pou nou louvri yon nouvo faz pou komin sa a ki ap soufri anba ensekirite ak kras, » se sa nouvo ekip la fè konnen, pandan yo ap mande patisipasyon tout moun.

Si enstalasyon sa a pote yon ti espwa, popilasyon Site Solèy la ki bouke ak bèl diskou ap tann gwo aksyon kounye a. Komin sa a, ki trè estratejik nan zòn Metwopolitèn nan, bezwen chanjman rapid.

Èske eksperyans Daniel Saint-Hilaire kòm jounalis, yon moun ki konn koute ak analize pwoblèm sosyete a ap sifi pou li jwenn bon fòmil pou li mete lapè ak pwòpte nan Site Solèy? Se sou teren an nou ap tann li pou nou wè si pawòl yo ap tounen klere nan je yon popilasyon ki soufri twòp.

About Emmanuel Hubert

Check Also

Ayiti/Ensekirite: Gouvènman Defakto a Chwazi « Deplase Pwoblèm nan » olye li Rezoud li, Canapé-Vert Kanpe sou akwochay.

Pandan popilasyon ayisyen an ap kwoupil anba lwa kriminèl gang ame yo, otorite nan tèt …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager