Ayiti/Ensekirite: Yon anons yon repons fèmen Pòtoprens.

Pòtoprens konnen yon jounen sonm pou jodi lendi 3 fevriye 2025 lan, anpil nan aktivite yo tankou lekòl, kèk bank komèsyal, kèk magazen, kèk biwo prive ak piblik pou site sa yo rete a pòt yo fèmen, sa ki te ouvri yo pat tann midi pou yo te fèmen.

Sa rive apre yon video prezidan e pòt pawòl gwoup bandi « Viv Ansanm » nan, Jimmy Cherisier ke tout moun konnen sou non « Babekyou » te mete deyò nan dat 31 janvye 2025 lan kote, li te anonse li pral bay ansyen premye minis Claude Joseph ak André Michel yon repons.

Kesyon anpil moun ap poze, kijan yon peyi fè genyon gouvènman defakto ki gen 9 tèt kòm prezidan, yon premye minis defakto, yon minis jistis, yon minis enteryè, yon direktètè nan tèt lapolis la, yon kòmandan an chèf nan tèt lame a, yon sekretè deta nan sekirite, yon fòs miltinasyonal pou site sa yo pou yon senp anons repons nan yon ti video kèk segond fèmen tout yon kapital?

Poutan, yo tout ap di yo chèf yo tout ap touche gwo lajan nan taks popilasyon an ki pa konn ki sen pou yo rele ak kriz ensekirite a ki anpeche yo viv e fonksyone.

ki sa repons lan ki te anonse a te ye?

Jan bandi yo toujou di a yo pa konn fè rimè, nan mitan jounen an devan kamera kèk medya nan peyi a kou peyi lòt bò dlo pòt pawòl « Viv Ansanm » nan Babekyou dezabiye ansyen zanmi li yo ak ansyen bòs li jan li te di a Claude Joseph ak André Michel, yon nouvèl ki pa twò etone moun men ki deranje moun paske tout aktivite te bloke pou sèlman sa.

 

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Edikasyon/krim: Plizyè paran elèv mè Lali denonse lekòl sila ki deside met pye sou kou yo.

Plizyè paran elèv « Institution Sainte Rose de Lima » ke tout moun konnen sou non « mè …