‎Espay/ Liga: Real Madrid sove nan dènye lè, FC Barcelone kontinye ap met presyon, Atletico Madrid pèdi de pwen pou 22ém jounen liga a.

Batay pou tit la vin pi cho nan peyi Lespay apre 22èm jounen Liga a. Pandan lidè a, FC Barcelone, kontinye ap enpoze li, Real Madrid te oblije soti tout kouray li pou li pa kite distans la agrandi, alòske Atletico Madrid rate yon bèl okazyon pou li te rete kole ak de (2) gran yo.

‎Ekip Real Madrid la te fè sipòtè li yo soufri anpil kont Rayo Vallecano. Malgre Vinícius Júnior te louvri skò a, Rayo te rive egalize nan dezyèm mitan an e yo te boke defans Real Madrid la nèt. Se nan fen match la, nan 98èm minit tan adisyonèl (90+8′), Real Madrid te jwenn yon penalite ke yo te konvèti pou genyen match la (2-1). Yon viktwa ki pèmèt yo rete sèlman nan yon pwen distans ak lidè a.

 

‎Lidè a, FC Barcelone, te deplase sou teren Elche e yo pa te fè kado. Avèk yon viktwa (3-1), mesye Hansi Flick yo montre yo pa gen entansyon lage premye plas la fasil. Bò kote pa li, Atletico Madrid te vizite Levante nan yon match kote yo te manke efikasite. Malgre plizyè okazyon Julián Álvarez, match la fini (0-0), yon rezilta ki fè « Colchoneros » yo pèdi de (2) pwen enpòtan nan kous la.

‎Tout Rezilta 22èm Jounen an (2025-2026)

‎| Real Madrid vs Rayo Vallecano (2-1)

‎| Elche CF vs FC Barcelone (1-3)

‎| Levante UD vs Atletico Madrid (0-0)

‎| Espanyol vs Deportivo Alavés (1 -2)

‎| Real Oviedo vs Girona FC (1- 0)

‎| Osasuna vs Villarreal CF (2 -2)

‎| Real Betis vs Valencia CF (2 -1)

‎| Getafe CF vs Celta Vigo (0-0)

‎| Athletic Bilbao vs Real Sociedad (1- 1)

‎| Real Mallorca vs Sevilla FC (—)

‎Klasman La Liga apre 22 Jounen

‎Apre rezilta sa yo, men kijan tèt klasman an kanpe:

‎ *1- FC Barcelone – 55 pwen

‎ *2- Real Madrid – 54 pwen

‎ *3- Atletico Madrid – 45 pwen

‎ *4- Villarreal CF – 42 pwen (ak yon match an mwens)

‎ *5- Real Betis – 35 pwen

 

‎Viktwa Real Oviedo sou Girona (1-0) se gwo sipriz jounen an, sa ki bay ekip Oviedo a yon ti souf nan batay pou desann nan dezyèm divizyon an.

About Angeline Michel

Check Also

Mondial 2026 : La maire de Los Angeles appelle Washington à rassurer les supporters étrangers

À quelques mois du coup d’envoi de la Coupe du Monde de football, un vent …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager