Ayiti/Alèt: 92% Dlo nan Sachet se « Pwa Pwazon », daprè yon etid MCI

Yon gwo kout loray tonbe sou sektè dlo a nan peyi a. Yon dènye etid Ministè Komès ak Endistri (MCI), ansanm ak Direksyon Kontwòl Kalite ak Pwoteksyon Konsomatè (DCQPC), revele yon reyalite ki bay kè sere: prèske tout dlo nan sachet ki ap vann nan lari Pòtoprens pa bon pou moun bwè.

​Rezilta analiz yo, ki fèt ant out 2025 ak janvye 2026, montre nivo kras ak mikwòb ki nan dlo moun ap konsome chak jou yo rive nan yon nivo ki depase limit. Sou 109 echantiyon syantifik yo te pran nan mache a (boutèy lokal kou enpòte, galon, sachet, ak kyòs tretman), 91 ladan yo kontamine.

​Men chif ki pi chokan yo:

  • 92% dlo nan sachet yo pa respekte nòm ijyèn ak kalite.
  • 83,5% nan tout kalite dlo (tout kategori konfondu) gen mikwòb ladan yo.

​Daprè rapò a, dlo sa yo pozitif nan plizyè tès ki montre prezans matyè ki pa ta dwe janm nan dlo moun ap bwè. Sa vle di, olye pou dlo a bay lavi, li tounen yon machin ki ap transpòte maladi tankou kolera, tifoyid, ak gwo vant fè mal, sitou pou timoun yo ki pi frajil.

​Etid la te fèt toupatou nan zòn metwopolitèn nan, soti nan dlo ki ap vann nan magazen rive nan sa ki ap vann nan bokit nan kafou yo. Rezilta yo montre ke anpil nan antrepriz ki ap trete dlo sa yo pa respekte prensip dezenfeksyon yo oubyen yo ap travay nan move kondisyon ijyèn.

​Fas ak katastrof sa a, otorite yo mande popilasyon an pou yo pran anpil prekosyon. Menm si yon dlo parèt klè nan je, sa pa vle di li pa gen mikwòb.

​Li rekòmande pou moun:

  1. Bouyi dlo a si sa posib anvan yo bwè l.
  2. ​Sèvi ak pwodwi klò (tankou Aquatabs) pou dezenfekte dlo ki soti nan sous ki sispèk.
  3. ​Veye byen kote yo ap achte dlo epi egzije pou wè si antrepriz la gen otorizasyon Leta.

​MCI fè konnen yo ap kontinye swiv dosye sa a pou fòse konpayi yo mete yo nan nòm yo, men an mwayen tan, se « veye kò w » pou chak grenn sitwayen nan zòn Pòtoprens.

About Echojounal

Check Also

Sen Mak/Kanaval: Aktivite Kanaval yo entèdi ane sa a poutèt ensekirite a.

 Konsèy Sekirite Kominal Sen Mak pran yon desizyon fèm: pap gen kanaval nan vil Nissage …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager