Pandan peyi a ap neye nan kriz sekirite ak mizè, se yon lòt eskandal kòripsyon ki ap dechire zantray Leta a. Fwa sa a, se nan tèt Ministè Defans lan dlo a gate. Direktè Jeneral la, Jean Renel Sistanis, lonje dwèt sou minis li a, Jean Michel Moïse, kòm kwa li ta vòlò plis pase 350 milyon goud nan lajan pèp la.
Dapre detay ki sòti, se pa ti jwèt non. Nou pale de gwo sòm lajan ki soti nan kès leta pou pretann yo ap ranje baz FAD’H (Fòs Lame Dayiti), men nan reyalite a, se « priz dlo » ki ap fèt nan pòch moun.
Men ki jan gagòt la ta fèt :
- 80 milyon goud pou Katye Jeneral nan Chanmas: Anyen pa fèt.
- 50 milyon goud pou baz Bicentenaire: Lajan an sove, okenn travay pa vizib.
- 160 milyon goud pou pwojè nan Beladè: Se te yon gwo « manti » sou papye, paske sou teren an, pa menm gen yon pèl ki leve.
- 300 milyon goud kòm sibvansyon pou yon asosyasyon nan Bombardopolis: Yon gwo kout volè ki fèt nan fènwa.
Pandan sòlda yo sou teren an ap batay ak zong pou defann sa ki ka sove, nèg an gwo chemiz yo ap distribye lajan leta tankou se te eritaj grann yo. Eskandal sa a montre klè jan gouvènman sa a pa gen okenn vizyon pou sekirite peyi a, sof enterè pèsonèl yo ak ranpli pòch yo.
Se yon gouvènman ki konn sèlman fè gagòt. Chak fwa gen yon kriz, olye yo pote solisyon, yo pito kreye pwojè « fantom » pou yo ka pran lajan pèp la. Ki jan pou yon peyi avanse lè moun ki sipoze pwoteje nou yo se yo menm ki ap devalize bous nou?
Dosye a deja rive nan men ULCC (Inite k ap Goumen kont Koripsyon) ak CSCCA (Kou de Kont). Men, pèp la ap gade ak anpil dout. Eske enstitisyon sa yo pral fè travay yo tout bon vre, oubyen se pral yon lòt dosye « kase fèy kouvri sa »?
Lè n gade jan lajan yo ap gaspiye nan pwojè fiktif pandan popilasyon an ap mouri grangou, nou wè se pa sèlman koripsyon ki genyen, se yon krim kont nasyon an. Ministè Defans lan tounen yon « manje manje » pou politisyen san konsyans.
Yon gouvènman ki pa ka jere pwòp lajan l san vòlò, pa ka jere sekirite yon peyi.
Echojounal echojounal.net