Yon « Teyat » Leta ak Lapolis ki Pase Diyite Pèp la nan Jwèt

‎​Se yon komedi ki bay kè plen nou ap gade la a. DCPJ mete Youri Chevry sou lis moun yo ap chèche pou « teworis », men se menm Leta sa a, menm Lapolis sa a, ki te kite li monte sou chèz Majistra kapital la alòske yo te byen konnen kiyès li ye. Kijan yon nonm ki te gen gwo dout sou do li fè vin chèf Pòtoprens? Repons lan klè: Se yon sistèm ki makonnen nan konfyolo ak neglijans ki rive nan nivo krim.

‎​
‎​Istwa sa a se yon dezonè pou fòs lòd yo. Pandan plizyè fwa, inite espesyal nan PNH la te konn debake lakay Youri Chevry. Yo te konnen kote li rete, yo te konnen sa li ap fè, men yo pa te janm pase li menòt. Jodi a, yo ap pibliye avi rechèch sou rezo sosyal tankou se kounye a yo dekouvri mouche egziste.

‎​Sa a se pa travay sekirite, se yon mizansèn. Lè ou debake kay yon moun plizyè fwa epi ou pa arete li, epi apre sa ou vin di se yon « teworis » li ye, sa montre de bagay: oubyen otorite yo te konplis li, oubyen yo te ap tann yon « lòd politik » pou yo aji.

‎​Soti nan Avi Rechèch pou monte Chèz Majistra: Yon Sistèm « Paswa »
‎​Sa ki pi anmè nan bouch popilasyon an, se kijan sistèm jidisyè nou an tounen yon paswa kote nenpòt moun pase. Si Chevry te deja anba kout je pou move zak:
‎​Kijan li fè jwenn papye « Bòn Vi ak Mès » pou li te nome.

‎​Kijan DCPJ te fè kite li al chita nan tèt Meri Pòtoprens lan ak tout sispèk sa yo?
‎​Li parèt klè ke nan peyi sa a, ou ka « recherche » nan kachèt epi ou « majistra » nan gwo solèy an menm tan. Se lè enterè chanje, lè zanmi vin lènmi nan nivo politik, nou ap tande koze « teworis » ak « atentat ».

‎​
‎​Avi rechèch sa a pa gen lodè jistis, li gen lodè revanj ak dekonpozisyon enstitisyonèl. Lè yon Leta kite yon moun naje nan dlo sal toutotan li nan enterè yo, epi yo lage dèyè l sèlman lè l vin deranje yo, se pa lalwa yo ap aplike, se entimidasyon y ap fè.

‎​Dosye Youri Chevry a se prèv ke an Ayiti, lalwa se yon ranyon yo sèvi pou siye pye yo lè sa aranje yo. Pèp la bouke gade teyat sa a kote aktè yo ap chanje wòl, men se peyi a ki ap peye pri sèn nan nan san ak dlo nan je.

About Echojounal

Check Also

Le bras de fer de la dernière chance au mépris du peuple

À l’approche de l’échéance fatidique du 7 février 2026, le Conseil Présidentiel de Transition chacun …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager