Ayiti/​Eleksyon: Plis pase 35 pati politik gentan anrejistre nan premye semèn nan

‎Nan kad aplikasyon kalandriye elektoral la, premye semèn enskripsyon pou pati politik, gwoupman ak regwoupman yo fini ak yon bilan ki montre yon sèten enterè pou pwosesis la. Soti 2 pou rive 8 mas, Konsèy Elektoral Pwovizwa (KEP) a anrejistre plis pase 35 antite ki manifeste volonte yo pou patisipe nan pwochen jout elektoral yo.

Pwosesis enskripsyon an, ki te louvri ofisyèlman lendi 2 mas 2026 la, dwe bout nan dat 12 mas 2026. Sa vle di, pati politik ki poko fè demach yo rete sèlman kèk jou pou yo mete dosye yo ajou si yo vle parèt sou bilten vòt yo.

‎​KEP a pwofite okazyon sa a pou voye yon rapèl bay tout lidè politik yo. Enstitisyon an ankouraje sila yo ki poko enskri pou yo fè sa rapidman anvan dat limit la ekspire jedi pwochen. Dapre otorite elektoral yo, etap sa a se yon poto mitan pou garanti yon patisipasyon laj ak demokratik nan eleksyon ki ap vini yo.

‎Malgre kantite pati ki gentan enskri yo sanble yon siy pozitif, anpil obsèvatè ak kèk lidè politik kontinye eksprime kè sote sou kesyon sekirite a nan peyi a. Pou plizyè nan yo, siksè pwosesis la pa depann sèlman de enskripsyon yo, men tou de kapasite leta pou pèmèt kandida yo fè kanpay san kè sote nan tout rakwen peyi a.

‎Dapre kalandriye KEP a te rann piblik la, si tout bagay mache jan sa dwe fèt, premye tou eleksyon jeneral yo ta dwe fèt nan fen mwa out 2026 la.

About Angeline Michel

Check Also

​L’ambassade des États-Unis visée par une explosion, la piste terroriste explorée

​Une déflagration a secoué le quartier de l’ambassade des États-Unis à Oslo au cours de …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager