Depi kèk tan, popilasyon an ap obsève avèk anpil kè sote jan nominasyon yo ap tonbe nan tèt gwo enstitisyon peyi a. Premye Minis defakto a, Alix Didier Fils-Aimé, sanble ap jwe yon jwèt ki depase konpreyansyon moun ki vle wè peyi a mache tout bon. Kesyon nou ap poze jodi a senp: Kisa nou ka espere de yon moun ki ap vin dirije yon enstitisyon li pa janm travay ladan li, li pa konn reyalite li, epi li pa menm gen konpetans teknik pou sa?
Yon administrasyon an kriz
Nan yon moman kote Ayiti ap nwaye nan kriz sekirite, grangou, ak yon ekonomi ki fin rale souf li, Leta pa ka tounen yon lekòl kote moun ap vin aprann « sa yo rele Direksyon Jeneral ». Lè yo nonmen moun nan pòs kle jis pou satisfè klan politik oswa zanmi, se pa sèlman yon erè administratif sa ye, se yon krim kont yon pèp ki ap soufri.
Reyalite anplwaye yo ak bezwen popilasyon an
Yon direktè ki pa janm monte mach yon enstitisyon anvan li vin chèf ladan li, ki jan li ap fè konprann soufrans anplwaye yo?
* Li pa konnen defi fonksyonman chak jou yo.
* Li pa gen okenn vizyon sou misyon enstitisyon an pou sèvi popilasyon an.
* Li pa gen lejitimite devan kad teknik ki nan bwat la depi plizyè lane.
Nou pa ka ap mande chanjman epi nou ap repete menm vye pratik ki te mennen nou nan twou sa a. Mete yon moun ki « pa konn anyen nan anyen » nan tèt yon Direksyon Jeneral, se garanti nou genyen ke sèvis piblik la ap kontinye degrade. Se tankou ou pran yon moun ki pa janm monte yon bis, epi ou ba li vole a nan yon mòn ki plen viraj. Katastwòf la asire.
Eksperyans pa ka ranplase pa « Zanmitay »
Leta se yon machin konplèks. Li mande metriz, li mande memwa enstitisyonèl, epi li mande pou moun nan konnen reyalite mas pèp la ki ap vin chache sèvis la. Premye Minis Fils-Aimé dwe konprann ke nasyon an bouke ak « tatonnaj ». Si yon moun pa te janm prepare pou yon tach, li p ap ka fè mirak jodi a.
Nou bezwen moun ki konn reyalite a, moun ki gen kapasite pou bay rezilta rapid, pa moun ki ap vin chache biwo ak tit pandan peyi a ap peri.
Echojounal echojounal.net