‎Ayiti/Eleksyon: KEP aksepte 282 pati politik pou pwochen vòt yo

Yon gwo pa franchi nan chimen ki mennen nan òganizasyon eleksyon yo nan peyi Dayiti. Konsèy Elektoral Pwovizwa (KEP) rann piblik, nan yon nòt pou laprès ki soti jounen vandredi 26 mas 2026 la , lis òganizasyon politik ki gen otorizasyon pou patisipe nan pwochen jout elektoral yo.

‎​Dapre detay enstitisyon elektoral la bay, gen yon total 282 pati politik ki jwenn benediksyon CEP a sou 320 ki te anrejistre okòmansman. Desizyon sa a baze sou dekrè elektoral premye desanm 2025 lan ak kalandriye ki an vigè a.

‎​KEP a fè konnen seleksyon sa a fèt nan lide pou garanti respè prensip demokratik yo ak règleman ki fikse kondisyon pou yon pati politik ka fonksyone nan peyi a.
‎​
‎​Pou 38 òganizasyon ki pa te rive jwenn sètifika agreman yo, pòt la poko fèmen nèt. KEP a bay yo yon delè jiska 2 avril 2026 pou yo vin korije dosye yo epi mete yo an règ ak lalwa. Apre dat sa a, lis la ap vin definitif.

‎​« KEP a rete detèmine pou li mennen yon pwosesis ki transparan, kote tout moun jwenn plas yo, pou pèp la ka reprann konfyans nan enstitisyon demokratik yo, » se sa nou kapab li nan nòt enstitisyon an.

‎​Pou tout sitwayen oswa responsab pati ki ta renmen verifye non òganizasyon pa yo, KEP a presize lis konplè a disponib sou tout platfòm ofisyèl li yo sou entènèt (sit web ak rezo sosyal).

‎​Etap sa a se yon siyal fò ki montre machin elektoral la kòmanse deplase tout bon vre, malgre anpil defi ki ap tann peyi a nan jou ki ap vini yo.

About Emmanuel Hubert

Check Also

Le monde/​Justice: Gims placé en garde à vue, l’empire de la star face au parquet anti-criminalité.

L’interprète de « Bella », plus gros vendeur de disques de l’année 2025, a été …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager