Ayiti/Mondyal 2026: Gouvènman an bay FHF yon gwo kout pous 528 milyon goud pou Grenadye yo

Nan lide pou sipòte ekip nasyonal foutbòl la ki kalifye pou Mondyal 2026 la, Primati remèt bay Federasyon Ayisyen Foutbòl (FHF) de (2) chèk ki totalize plis pase senksant milyon goud, mèkredi 8 avril 2026 la.

Leta ayisyen deside mete men nan pòch pou akonpanye seleksyon nasyonal la, « Grenadye yo », nan moman yo ap prepare yo pou yo al reprezante drapo a nan pi gwo konpetisyon foutbòl ki genyen sou planèt la. Se nan kad yon seremoni ofisyèl ki dewoule nan Vila d Akèy, gouvènman an remèt de (2) chèk separe ki vo 264 milyon goud chak.

Dapre detay ki sòti nan sous ofisyèl yo, premye anvlòp la (264 milyon goud) reprezante prim kalifikasyon pou jwè yo ak estaf teknik la. Se yon fason pou Leta salye efò ak detèminasyon ekip la ki rive rache biyè yo pou faz final la, malgre tout defi yo te rankontre sou wout yo.

Dezyèm chèk la, ki gen menm valè a, vize dirèkteman preparasyon seleksyon an. Lajan sa a pral sèvi pou kouvri depans lojistik, kan antrenman, deplasman, ak tout lòt bezwen teknik ekip la pral genyen anvan konpetisyon an kòmanse.

Pandan seremoni an, reprezantan gouvènman yo fè konnen jès sa a montre enpòtans espò a genyen nan tèt ansanm ak fyète nasyonal la. Lidè FHF yo, bò kote pa yo, remèsye gouvènman an pou sipò sa a yo konsidere kòm yon gwo souf pou administrasyon federasyon an ki ap travay pou mete ekip la nan pi bon kondisyon posib.

Pandan pèp ayisyen an ap tann ak enpasyans pou wè pitit li yo ap defann koulè peyi a, gwo envestisman sa a mete plis presyon pozitif sou do Grenadye yo pou yo fè yon bèl figi nan mwa ki ap vini yo.

About Emmanuel Hubert

Check Also

Haïti et l’Islande se neutralisent (1-1) à Toronto : un test riche en enseignements pour les Grenadiers

Dans le cadre de leur préparation intensive pour la Coupe du Monde 2026, la sélection …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager