Iran/Etazini/Gè: Iran demanti manti Lame Ameriken, tansyon an moute pi rèd nan Gòlf la.

Lendi 4 me 2026. Sitiyasyon an vin pi cho toujou nan rejyon Gòlf la. Alòske prezidan ameriken an te fè konnen lagè a ap fini ak peyi Iran, reyalite a sou teren an montre yon lòt bagay jounen lendi 4 me 2026 la. Lame Etazini anonse li koule sis (6) bato de gè iraneyen, yon enfòmasyon otorite nan Teheran demanti prese prese.

Dapre yon gwo responsab militè ameriken, fòs Lame Etazini yo te oblije aji pou defann tèt yo. Li fè konnen, anplis 6 bato yo koule yo, yo rive entèsepte plizyè misil ak dron Iran te voye dèyè bato lagè ameriken ak lòt bato komèsyal ki te ap pase nan zòn nan.

Bò kote pa li, gouvènman iraneyen an pa pèdi tan pou li reyaji. Nan mikwo televizyon Leta nan peyi Iran, yon wo grad nan lame a deklare: « Deklarasyon Lame Etazini kòm kwa yo koule bato de gè nou yo se yon manti plat. » Iran demanti tout pèt nan bò pa yo, sa ki kreye yon gwo konfizyon sou sa ki pase tout bon vre nan dlo Gòlf la.

Sa ki plis atire atansyon obsèvatè yo, se paske atak sa a rive nan yon moman kote pèp la te ap tann yon souf. Prezidan ameriken an te resamman anonse bay lemonn antye ke lagè a ak peyi Iran an rive nan bout li. Men, evènman lendi 4 me sa a vin jete yon gwo dout sou volonte Washington pou li sispann goumen tout bon vre.

Zòn kote operasyon sa yo ap fèt la trè enpòtan pou ekonomi mondyal la, paske se la anpil bato ki pote lwil pase. Si batay sa yo kontinye, sa ka lakòz pri gaz la moute nan syèl la epi mete sekirite entènasyonal la an danje.

Pou kounye a, kominote entènasyonal la ap gade ak anpil kè sote kijan de (2) peyi sa yo pral jere kriz sa a, pandan yo ap mande si wi ou non diplomasi a ap ka pran plas kout kanon yo.

About Emmanuel Hubert

Check Also

Haïti/Insécurité : Plus de 5 300 déplacés et un silence pointé du doigt

L’Organisation internationale pour les migrations (OIM) a dressé un bilan alarmant : depuis le 10 …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager