Gen yon gwo pa ki fèk fèt nan dosye asasina ansyen prezidan ayisyen an, Jovenel Moïse. Apre nèf semèn gwo diskisyon ak temwayaj nan tribinal federal Miami an, jiri a rann vèdik li: kat (4) gason ki rete nan sid Florid jwenn kondanasyon yo nan konplo ki te mennen nan lanmò chèf leta a.
Dapre sa jiri a konkli, mesye sa yo te patisipe aktivman nan rekrite ansyen militè kolonbyen pou te debake an Ayiti. Plan an, ki te kòmanse kòm yon pwojè pou ranvèse prezidan an, te fini nan yon masak san manman nan nuit 7 jiyè 2021 an, anndan rezidans prive li nan Pelerin 5.
Moun yo rekonèt koupab yo gen gwo lyen ak konpayi CTU Security, yon antrepriz ki baze nan vil Doral, nan Florid. Akize yo se: Arcangel Pretel Ortiz, Antonio Intriago, Walter Veintemilla, Frederick Bergmann
Pandan tout pwosè a, pwokirè ameriken yo te montre jan lanbisyon te alatèt aksyon mesye sa yo. Yo pa te ap chèche libète pou Ayiti, men pito pouvwa, enflyans, ak kontra gwo lajan yo te espere jwenn nan men nouvo gouvènman ki te ap monte apre Jovenel Moïse ta fin tonbe a.
Anpil temwen te pase devan ba a, pami yo ansyen premye dam nan, Martine Moïse, ki te rakonte ak anpil dlo nan je laterè li te viv lannwit sa a.
Avoka mesye yo te eseye fè kwè prezidan an te mouri anvan menm kolonbyen yo te rive nan chanm li, e yo te pretann se moun anndan sekirite chèf leta a menm ki te monte kou a. Men, prèv yo — tankou mesaj telefòn, anrejistreman ak dokiman bankè — te twò lou. Jiri a deside mesye sa yo se koupab.
Lwa ameriken an sevè nan kalite dosye sa yo. Kat kondane sa yo riske pase rès lavi yo nan prizon. Vèdik sa a voye yon mesaj klè bay tout moun ki sèvi ak tèritwa ameriken an pou planifye vyolans politik nan peyi etranje.
Pandan nou ap tann desizyon final sou kantite ane chak moun pral pase dèyè baro, anpil moun an Ayiti ap gade si menm kalite jistis sa a pral rive fèt tou nan peyi a kont lòt moun ki te tranpe nan krim sa a.
Echojounal echojounal.net