‎Ayiti/Ensekirite: Yon nwit laperèz sèlman kèk jou anvan 18 me a

Yon sitiyasyon panik total anvayi komin Akayè depi nan lannwit mèkredi 13 me a pou rive maten jedi 14 me 2026 la. Pandan vil la ap prepare li pou selebre 223 lane kreyasyon drapo nasyonal la, se bri bal ki vin ranplase anbyans fèt la, sa ki lakòz anpil keksyon ap poze sou objektif ki kache dèyè atak sa a.

‎Depi lendi 10 me nan apremidi pou te rive byen ta nan lannwit lan nèg ak zàm yo te lanse yon atak kowòdone nan plizyè pwen estratejik nan vil la. Selon enfòmasyon ki rive nan redaksyon nou maten jedi 14 me 2026 la, sitiyasyon an rete frajil anpil kote moun nan zòn nan kontinye ap tande anpil kout zam ki ap tire, sa ki paralize prèske tout aktivite nan vil la.

‎Atak sa a pa sanble yon konyensidans pou anpil obsèvatè. Chwa dat la ak vil la gen yon gwo pwa senbolik:
‎Yon defi pou Leta: Lè nou konsidere Akayè se kote ki dwe resevwa seremoni ofisyèl 18 me a nan kèk jou sèlman, atak sa a parèt tankou yon mesaj dirèk pou montre feblès otorite yo nan kesyon sekirite.

‎Sabotaj yon dat istorik: Pandan popilasyon an ap tann komemorasyon 223 lane bicolò a, laterè sa a vin kase elan fyète nasyonal la epi simen dout sou kapasite gouvènman an pou li garanti sekirite moun ki ta dwe patisipe nan fèt la.

‎Yon vil estratejik: Komin sa a se yon kafou enpòtan pou sikilasyon nan peyi a. Kontwole Akayè nan moman sa a, se yon fason pou koupe souf kominikasyon ant plizyè depatman nan yon dat ki si tèlman enpòtan.

‎Maten an, lari Akayè vid. Moun ki rete lakay yo ap viv nan gwo kè sote pandan bri bal ap pete nan divès kwen. Jous kounye a, otorite lapolis yo poko bay yon bilan presiz sou dega ki fèt ni sou kantite viktim, men temwen nan zòn nan rapòte yon nwit lanfè kote lavi tout moun te an danje.

‎Tout je rete fikse sou Pòtoprens pou wè ki jan leta pral reponn ak atak sa a. Èske selebrasyon 18 me a ap ka fèt nan diyite nan vil drapo a, oubyen èske nèg ak zàm yo ap rive enpoze lalwa yo nan yon dat ki senbolize libète ak inyon pou tout Ayisyen?

About Emmanuel Hubert

Check Also

Quand lire devient une transgression : chronique d’une attente à la BNC de Jérémie

Dans une société où l’on proclame souvent que le savoir est une lumière piuvant transformer …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager